Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Samyèl 12:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Yo te kriye fò a SENYÈ a e yo te di: ‘Nou te peche akoz nou te kite SENYÈ a pou te sèvi Baal yo avèk Astarté; men koulye a, delivre nou nan men a lènmi nou yo e nou va sèvi Ou.’

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Yo rele mande Senyè a sekou, yo di konsa: Nou te fè sa ki mal, paske nou te vire do bay Senyè a, n'al sèvi yon bann zidòl yo rele Baal ak Astate. Kounyeya, tanpri, delivre nou anba men lènmi nou yo, n'a sèvi ou.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 12:10
18 Referans Kwoze  

Konsa, fis Israël yo te kriye fò bay SENYÈ a, e te di: “Nou te peche kont Ou, paske vrèman, nou te abandone Bondye nou an pou te sèvi Baal yo.”


Yo te abandone SENYÈ a pou te sèvi Baal avèk Astarté yo.


Lè fis Israël yo te vin kriye fò a SENYÈ a, SENYÈ a te fè leve yon liberatè pou delivre yo, Othniel, fis a Kenaz la, ti frè a Caleb la.


Fis Israël yo te fè sa ki te mal nan zye a SENYÈ a, e yo te bliye SENYÈ a, Bondye pa yo a pou te sèvi Baal avèk Aseroth yo.


Paske SENYÈ a se jij nou. Se SENYÈ a ki bay lwa nou yo. Se SENYÈ a ki wa nou. Se Li menm ki va sove nou.


O SENYÈ, nan mitan gwo twoub yo, yo te chache Ou. Yo pa t ka fè plis pase respire yon priyè le chatiman Ou te sou yo.


Sepandan, Li te gade twoub yo lè Li te tande kri yo.


Soti nan jou ke lach la te rete Kirjath-Jearim nan, tan ekoule a te byen long—paske li te pran ventan avan tout lakay Israël te fè lamantasyon devan SENYÈ a.


Koulye a, li vin rive ke lè fis Israël yo te kriye fò anvè SENYÈ a akoz Madian,


Fis Israël yo te kriye a SENYÈ a, paske li te gen nèf san cha fèt an fè, e avèk severite, li te oprime fis Israël yo pandan ventan.


Men lè fis Israël yo te vin kriye fò bay SENYÈ a, SENYÈ a te fè leve yon liberatè pou yo, Éhud, fis a Guéra a, Benjamit lan, yon nonm goche. Konsa, pa li menm, fis a Israël yo te voye kòb angajman yo bay Églon, wa Moab la.


Anplis, mwatye nan Galaad, avèk Aschtaroth ak Édréï, vil nan wayòm Og yo, nan Basan, te vin pou fis Makir yo, fis a Manassé yo, pou mwatye a fis Makir yo selon fanmi pa yo.


Alò, fis Israël yo te fè mal nan zye SENYÈ a, e yo te sèvi Baal yo.


Yo te rasanble nan Mitspa; yo te rale dlo pou te vide devan SENYÈ a, e yo te fè jèn nan jou sila a. Yo te di nan plas sa a: “Nou te peche kont SENYÈ a.” Konsa, Samuel te jije fis Israël yo nan Mitspa.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite