Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Samyèl 11:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Alò mesaje yo te vini Guibea kote Saül e te pale pawòl sa yo nan zòrèy a pèp la, e tout pèp la te leve vwa yo pou te kriye.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Mesaje yo rive lavil Gibeya kote Sayil te rete a. Lè yo bay pèp la mesay la, tout moun pete rele byen fò.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 11:4
15 Referans Kwoze  

Anplis Saül te ale lakay li Guibea. Epi mesye vanyan yo avèk kè ki te touche pa Bondye te ale avèk li.


Lè zanj SENYÈ a te pale pawòl sa yo a tout fis Israël yo, pèp la te leve vwa pa yo pou te kriye.


Alò David avèk moun ki te avè l yo te leve vwa yo e te kriye jiskaske yo pa t gen fòs nan yo pou kriye.


Samuel te ale Rama; men Saül te monte vè lakay li nan Guibea ki pou li.


Konsa, pèp la te vini Béthel e yo te chita la devan Bondye jis rive nan aswè, epi yo te leve vwa yo e te kriye amè.


Sonje prizonye yo, kòmsi nou ta nan prizon avèk yo, e sila ki maltrete yo, akoz ke nou menm, nou osi nan kò a.


Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli.


Si yon manm soufri, pou tout manm yo soufri avèk li. Si yon manm resevwa onè, pou tout manm yo rejwi avèk li.


Rejwi avèk sila ki rejwi yo, e kriye avèk sila ki kriye yo.


kite sèt mesye soti nan fis li yo vin bay a nou menm. E nou va pann yo devan SENYÈ a nan Guibea pou Saül, sila ki te chwazi pa SENYÈ a.” Epi wa a te di: “Mwen va bay yo.”


Saül te rete nan zòn andeyò Guibea anba pye grenad la nan Migron. Epi moun ki te avèk li yo te anviwon sis-san mesye.


Ésaü te di a papa li: “Èske se yon sèl benediksyon ou genyen, papa mwen? Beni mwen menm tou, o papa m.” Konsa, Ésaü te leve vwa l e te kriye.


Fis Israël yo te monte e kriye devan SENYÈ a jis rive nan aswè. Yo te fè mande SENYÈ a e te di: “Èske nou dwe pwoche ankò pou fè batay kont fis a frè m yo, Benjamin?” Epi SENYÈ a te reponn: “Monte kont li.”


Alò, tout fis Israël yo ak tout pèp la te monte rive Béthel e te kriye. Konsa, yo te rete la devan SENYÈ a, yo te fè jèn tout jounen an jis rive nan aswè. Epi yo te ofri ofrann brile ak ofrann lapè devan SENYÈ a.


Chèf la te Achiézer, swivi pa Joas, fis a Schemaa a, Gibeonit lan; Jeziel ak Péleth, fis a Azmaveth yo; epi Beraca; Jéhu, Anatotit la;


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite