Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 11:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Men Nachasch, Amonit la, te di yo: “Mwen va fè l avè w sou yon sèl kondisyon; pou mwen kreve zye dwat a nou chak! Konsa mwen va fè li yon repwòch sou tout Israël.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Men, Nakach reponn yo: — M'ap siyen kontra a avèk nou, men sou yon sèl kondisyon: m'ap pete je dwat nou tout. Konsa, m'a fè tout pèp Izrayèl la wont.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 11:2
11 Referans Kwoze  

Yo te di yo: “Nou pa kapab fè bagay sa a, pou bay sè nou an a yon moun ki pa sikonsi. Sa ta yon wont pou nou tout.


Pa koute Ézéchias.’ Paske konsa pale wa Assyrie a: ‘Fè lapè nou avèk mwen e sòti vin kote mwen. Manje nou chak nan pwòp chan rezen pa nou, nou chak pye fig mi etranje pa nou e nou chak nan pwòp dlo sitèn pa nou,


Ou fè nou repwòche devan vwazen nou yo, yon objè ki moke e giyonnen pa sila ki antoure nou yo.


Li te di anplis: “Mwen se Bondye a zansèt ou yo, Bondye Abraham nan, Bondye a Isaac, e Bondye a Jacob la.” Moïse te kache figi li, paske li te pè gade Bondye.


Yon nonm ladwati gen respè pou lavi a bèt li; men konpasyon a mechan an se mechanste.


Epi li te avegle zye Sédécias, e te mare li ak braslè an bwonz pou mennen l Babylone.


Vrèman, ou pa t mennen nou nan yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl, ni ou pa t bannou yon eritaj tèren, avèk chan rezen. Èske ou ta pete zye a mesye sa yo? Nou p ap monte?


Alò, Filisten yo te sezi li. Yo te kreve rete zye li, epi yo te mennen li Gaza. Yo te mare l avèk chenn fèt an bwonz ki te konn vire moulen nan prizon an.


Alò, mesye a Jabés yo te di: “Demen nou va parèt vè nou e nou va kapab fè avèk nou sa ki sanble bon pou nou menm.”


“Lè nou te wè ke Nachasch, wa a fis Ammon yo, te vini kont nou, nou te di m: ‘Non, men se yon wa k ap renye sou nou’, malgre sa, SENYÈ Bondye nou an te wa nou.


Epi David te pale a mesye ki te kanpe akote li yo e te di: “Kisa k ap fèt pou moun ki touye Filisten sila a e ki retire wont lan soti sou Israël? Paske se ki moun Filisten ensikonsi sila a ye pou l ta ensilte lame a Bondye vivan an?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite