Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Samyèl 1:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Men Anne te reponn: “Non, mèt mwen! Mwen se yon fanm oprime nan lespri. Mwen pa t bwè diven, ni bwason fò, men mwen t ap debarase nanm mwen devan SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Ana reponn li: — Se pa sou mwen sou non, mèt! Mwen pa goute ni diven ni okenn lòt bweson. Se nan gwo lapenn mwen ye. Se louvri m'ap louvri kè m bay Senyè a. Se rakonte m'ap rakonte Senyè a lapenn mwen.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 1:15
12 Referans Kwoze  

Mete konfyans nan Li tout tan, O pèp la. Vide kè nou devan Li. Bondye se yon refij pou nou.


Leve, kriye fò nan nwit lan, nan kòmansman vèy nwit lan! Vide kè ou konsi se dlo devan prezans Senyè a. Leve men ou a Li menm pou lavi pitit ou yo ki fèb nèt ak grangou sou tèt a tout ri yo.


Bagay sa yo mwen sonje e mwen vide nanm mwen nèt anndan m. Paske mwen te konn ale ansanm ak foul la, pou pran devan nan pwosesyon pou rive lakay Bondye, avèk yon vwa lajwa, ak remèsiman, yon gran foul k ap fè fèt sakre a.


Mwen lonje men m vè Ou menm. Nanm mwen fè gwo anvi pou Ou, kon yon peyi deseche.


Yon repons ki dous kalme kòlè; men yon mo sevè pwovoke gwo fache.


Konsa, koulye a nanm mwen vide nèt. Jou afliksyon yo sezi m.


Ak pasyans, yon chèf ka vin pèswade; se yon lang dous ki kase zo.


Pa konsidere sèvant ou kòm yon fanm san valè; paske jis koulye a, mwen te pale akoz gran doulè avèk chagren mwen.”


Yo te rasanble nan Mitspa; yo te rale dlo pou te vide devan SENYÈ a, e yo te fè jèn nan jou sila a. Yo te di nan plas sa a: “Nou te peche kont SENYÈ a.” Konsa, Samuel te jije fis Israël yo nan Mitspa.


Moun nan pozisyon ba yo se se sèl yon souf nan van. Moun ki plase wo yo se manti. Nan pèz balans yo, se monte, yap monte. Ansanm menm, yo pi fay ke yon souf.


Kè a konnen pwòp amètim ak bonè li; men ak lòt, sa p ap pataje.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite