Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Pyè 4:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Paske pou rezon sa a, levanjil la preche menm a sila ki mouri yo, pouke, malgre, yo jije nan lachè kòm lòm, yo ta kapab viv nan lespri selon volonte a Bondye a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Se pou sa menm yo te anonse bòn nouvèl la bay moun ki mouri yo. Konsa, si lè yo te sou latè yo te tonbe anba jijman Bondye tankou tout moun, kounyeya yo ka viv nan pouvwa Lespri Bondye a, jan Bondye vle l la.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Se sa ki fè yo te tande Levanjil anvan yo mouri. Moun te kritike yo lè yo t ap viv sou latè. Men se te plan Bondye pou yo te tande Levanjil la preche pou yo te ka genyen yon lavi tou nèf granmesi Lespri Bondye a.

Gade chapit la Kopi




1 Pyè 4:6
14 Referans Kwoze  

“Epi konsa yo va livre nou nan touman, e yo va touye nou. Nou va rayi pa tout nasyon yo pou koz a non Mwen.


Paske lalwa Lespri lavi a nan Jésus Kri te libere nou de Lalwa peche ak lanmò a.


Paske selon Lalwa a mwen te mouri a Lalwa a, pou mwen te kapab viv a Bondye.


Si nou viv pa Lespri a, annou osi mache pa Lespri a.


Li te revele a yo ke se pa pwòp tèt yo ke yo t ap sèvi, men ou menm, nan bagay sa yo ke koulye a, gen tan anonse a nou pa sila ki te preche levanjil a nou menm yo pa Lespri Sen ki te sòti nan syèl la—bagay ke menm zanj yo lanvi konprann.


Paske Kris osi te mouri pou peche yo yon fwa pou tout, Li menm ki te jis pou enjis yo, pou Li ta kapab mennen nou kote Bondye, deja mò nan lachè, men fèt vivan nan lespri a.


Ladann, Li te osi ale fè pwoklamasyon a lespri nan prizon yo.


Konsa, yon lòt zanj ankò, sila ki gen pouvwa sou dife a, te sòti nan lotèl la. Li te rele avèk yon vwa fò a sila ki te gen kouto digo file a. Li te di: “Mete kouto digo file ou ladann. Ranmase grap sou pye rezen latè yo, paske fwi li yo mi.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite