Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Kwonik 9:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 paske kat chèf gadyen pòtay ki te Levit yo, te nan yon pozisyon konfyans lan e te sou chanm yo ak sou trezò lakay Bondye a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

26 Men, kat chèf gad yo te toujou la desèvis. Se moun fanmi Levi yo te ye. Se yo ki te reskonsab tout pyès chanm ansanm ak tout trezò ki te la nan Tanp lan.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 9:26
9 Referans Kwoze  

Konsa, yo te antre e yo te rele gadyen pòtay lavil yo pou te pale yo e te di: “Nou te rive nan kan Siryen yo e vwala, pa t gen moun la, ni menm vwa a yon moun, men sèlman cheval ki te mare ak bourik mare e tant yo menm jan yo te ye.”


Manm fanmi pa yo nan lavil pa yo te dwe antre chak sèt jou soti de tanzantan pou yo ta kapab avèk yo;


Yo te pase nwit lan nan landwa lakay Bondye a, akoz yo te responsab veye nwit lan; epi yo te responsab ouvri li maten pa maten.


te prepare yon gran chanm pou li, nan kote a ki oparavan te konn sèvi pou depo ofrann sereyal yo, lansan a, zouti ak dim sereyal yo, diven avèk lwil ki te pou Levit yo, chantè yo, ak gadyen pòtay yo, avèk kontribisyon balanse an lè, ki te pou prèt yo.


“Ale lakay Rekabit yo. Pale avèk yo e mennen yo antre lakay SENYÈ a, nan youn nan chanm yo, e bay yo diven pou yo bwè.”


Konsa, li te mennen mwen nan lakou eksteryè a, e gade byen, te gen chanm ak yon pave ki te fèt pou tout lakou a toupatou. Trant chanm yo te ouvri sou pave a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite