Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Kwonik 9:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Konsa, yo menm avèk fis pa yo te responsab pòtay lakay SENYÈ a, lakay tant lan, kon gadyen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Se konsa, yo menm ak pitit yo yo toujou ap fè pòs nan pòtay Tanp lan, nan pòtay Tant Randevou a.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 9:23
9 Referans Kwoze  

Konsa yo gen pou kenbe chaj sou asanble tant yo, chaj sou plas sen an e chaj sou fis Aaron yo, fanmi pa yo, pou sèvis lakay SENYÈ a.


Se nan divizyon a gadyen pòtay sila yo, mesye chèf yo te bay responsabilite kon fanmi pa yo pou fè sèvis lakay SENYÈ a.


Total nan sila ki te chwazi kon gadyen pòtay nan pòt yo te de-san-douz. Sila yo te anrejistre pa zansèt pa yo nan vil pa yo, ki te chwazi pa David avèk Samuel, konseye a, nan pozisyon konfyans sila a.


Gadyen pòtay yo te sou toule kat kote yo, nan lès, lwès, nan nò ak nan sid.


Li te estasyone gadyen pòtay yo lakay SENYÈ a, pou pèsòn pa t kab antre, si pou nenpòt rezon li pa t pwòp.


Paske, yo te ranpli devwa Bondye yo a, avèk sèvis pirifikasyon an, ansanm avèk chantè yo ak gadyen pòtay yo an akò avèk lòd David avèk fis li a, Salomon.


Li te di mwen: “Sa se chanm ki bay fas vè sid la, ki pou prèt ki responsab lokipe tanp yo.


Malgre sa, Mwen va deziye yo pou kenbe responsabilite kay la, pou tout sèvis ak tout sa k ap fèt ladann.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite