Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Kwonik 9:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Schallum, fis a Koré a, fis a Ébiasaph la, fis a Koré a, avèk fanmi lakay papa li, Koatit yo: responsab pou travay sèvis la, gadyen nan pòtay nan tant yo; epi papa yo te konn sou kan SENYÈ a; li te gadyen a antre a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Chaloum, pitit Kore, pitit pitit Ebyazaf nan branch fanmi Kore a, ansanm ak lòt moun nan fanmi Kore a te reskonsab veye pòtay pou antre nan kote ki apa pou Senyè a, tankou zansèt yo te fè l anvan sa lè yo t'ap veye Pòtay kan Senyè a.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 9:19
16 Referans Kwoze  

Jehojada, prèt la, te kòmande kapitèn a santèn ki te chwazi sou lame a. Li te di yo: “Mennen li deyò antre nan ran sòlda yo e nenpòt moun ki swiv li, mete li a lanmò avèk nepe.” Paske prèt la te di: “Pa kite li mete a lanmò nan kay SENYÈ a.”


Konsa, kapitèn a santèn yo te fè selon tout sa ke Jehojada, prèt la, te kòmande li. Yo chak nan yo te pran mesye pa li yo ki te genyen pou antre nan Saba a, avèk sila ki te gen pou sòti nan Saba yo pou te rive kote Jehojada, prèt la.


Lè yo te wè ke anpil lajan te nan kès la, grefye a wa a avèk wo prèt la te vin monte, te mare li nan sak yo e te konte lajan ki te twouve nan kay SENYÈ a.


estasyone jis koulye a nan pòtay wa a nan kote lès la). Sila yo te gadyen pòtay pou kan a fis a Lévi yo.


Phinées, fis a Éléazar a, oparavan te konn chèf sou yo; epi SENYÈ a te avèk li.


Jan sèf la rale souf ak swaf pou dlo ravin nan, Konsa nanm mwen rale souf pou Ou, O Bondye.


O Bondye, nou te tande avèk zòrèy nou. Zansèt nou yo te pale nou travay ke Ou te fè nan jou pa yo, nan jou ansyen yo.


Tande sa, tout pèp yo! Prete zòrèy nou, tout sila ki rete nan mond la!


Paske yon sèl jou nan lakou Ou a, pi bon pase mil jou deyò. Pito m te geran pòt lakay Bondye mwen an, pase pou m ta abite nan tant a mechan yo.


epi mwen te mennen yo lakay SENYÈ la, nan chanm a fis a Hanan yo, fis a Jigdalia a, nonm Bondye ki te toupre chanm ofisye yo, ki te anwo chanm Maaséja a, fis a Schallum nan, gadyen pòt la.


Epi chèf kò gad la te pran Seraja, chèf prèt la, Sophonie, dezyèm wo prèt la, ak twa ofisye a tanp yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite