Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Kwonik 8:40 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

40 Fis a Ulam yo te mesye pwisan, ranpli ak kouraj, achè yo, avèk anpil fis e fis a fis, san-senkant antou. Tout sa yo se te fis a Benjamin.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

40 Pitit gason Oulam yo te vanyan sòlda ki te gen anpil ladrès nan sèvi ak banza. Yo te gen sansenkant (150) pitit ak pitit pitit antou. Tout moun sa yo te fè pati branch fanmi Benjamen an.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 8:40
6 Referans Kwoze  

Yo te pote banza, te voye wòch avèk fistibal ni sou men dwat, ni sou men goch, e tire flèch yo ak banza a. Se te fanmi a Saul, soti nan tribi Benjamin an.


Fis a Éschek yo, frè li a: Ulam, premye ne li a, Jeusch, dezyèm nan ak Éliphéleth, twazyèm nan.


Konsa, tout Israël te anrejistre pa zansèt yo; epi men vwala, yo ekri nan Liv Wa A Israël yo. Epi Juda te pote ale an egzil Babylone, akoz enfidelite li yo.


Alò, Asa te gen yon lame a twa-san-mil mesye soti nan Juda, avèk gran boukliye defans ak lans e de-san-katreven-mil soti nan Benjamin ki te pote boukliye defans e te manyen banza. Tout nan yo, te gèrye ki plen kouraj.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite