Baana, fis a Achilud la, nan Thaanac avèk Meguiddo, avèk tout Beth-Schean ki akote Tsarthan anba Jizreel, soti Beth-Schean rive Abel-Mehola, jis rive lòtbò Jokmean.
Epi SENYÈ a te fè yo fè dega devan Israël. Li te touye yo avèk yon gwo masak nan Gabaon, Li te kouri dèyè yo nan chemen pant Beth-Horon e Li te frape yo jis rive Azéka, avèk Makkéda.
Pandan yo t ap sove ale devan Israël, pandan yo t ap desann pant Beth-Horon an, SENYÈ a te voye gwo wòch sòti nan syèl la sou yo jis rive Azéka, e yo te mouri. Pifò nan yo te mouri akoz gwo lagrèl ke sila ke fis Israël yo te touye avèk lam nepe yo.