19 Yo te fè lagè kont Agarenyen yo, Jethur, Naphisch ak Nodab.
19 Yo fè lagè ak moun Aga yo ki te rete lavil Jetou, lavil Nafich ak lavil Nodab.
Jethur, Naphisch ak Kedma: sila yo se te fis a Ismaël.
Hadad, Théma, Jethur, Naphisch avèk Kedma.
Nan jou a Saül yo, yo te fè lagè avèk Agarenyen ki te tonbe pa men yo, jiskaske yo te vin rete nan tant pa yo toupatou nan tout teritwa lès a Galaad la.
Jaziz, Agarenyen an, te an chaj bann mouton yo. Tout sila yo te sipèvizè nan tèren ki te apatyen a Wa David la.