Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Kwonik 29:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Anplis, bay a fis mwen an, Salomon, yon kè entèg pou kenbe tout kòmandman Ou yo, temwayaj Ou yo ak règleman Ou yo, pou fè tout sa, pou bati tanp lan, pou sila mwen te fè pwovizyon an.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Tanpri, bay Salomon, pitit gason m lan, bon santiman tou pou li renmen ou nèt ale, pou li ka mache dapre lòd, regleman ak kòmandman ou yo nan tou sa l'ap fè, pou l ka bati Tanp lan avèk tout materyo mwen fin pare yo.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 29:19
12 Referans Kwoze  

Règleman avèk òdonans avèk lalwa ak kòmandman ke Li te ekri pou nou yo, nou va obsève pou fè yo jis pou tout tan. Nou p ap fè lakrent lòt dye yo.


Alò, gade byen, avèk gwo lapèn mwen te prepare pou lakay SENYÈ a, san-mil talan lò, yon-milyon talan ajan e bwonz avèk fè ki depase peze, akoz yo tèlman anpil. Anplis, gran twòn bwa avèk wòch ke m te prepare, e ou gen dwa mete sou yo toujou.


“Epi pou ou menm, fis mwen an, Salomon, fè konesans a Bondye papa ou a e sèvi li avèk tout kè ou e avèk bòn volonte; paske SENYÈ a chache nan tout kè yo e byen konprann entansyon a tout panse yo. Si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va rejte ou jis pou tout tan.


O SENYÈ, Bondye a Abraham nan, Issac avèk Israël, papa zansèt pa nou yo, sere sa jis pou tout tan nan entansyon kè a pèp Ou a, e dirije kè yo vè Ou menm.


nan lè sa a, koute depi nan syèl la, abitasyon pa Ou a, epi padone e bay a chak moun selon pwòp chemen li, kè a sila Ou konnen yo (paske Ou menm sèl konnen kè a fis a lòm yo),


Ke kè m kapab san tò nan règleman Ou yo, pou m pa vin desi. KAPH


Bay a wa a sajès lajistis Ou, O Bondye, ak ladwati Ou a fis a wa a.


Li va jije pèp Ou a avèk ladwati, e aflije Ou yo, avèk jistis.


Li te di: “Sonje koulye a, O SENYÈ, mwen mande Ou souple, pou jan mwen te mache devan Ou nan verite, ak yon kè entèg e te fè sa ki te bon devan zye Ou.” Konsa, Ézéchias te plere byen fò.


Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen va restore fòtin a tant a Jacob yo, e gen konpasyon pou lakay li yo; vil la va rebati sou ranblè li yo e palè a va kanpe nan pwòp plas li.


Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite