Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Kwonik 29:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 O SENYÈ a, Bondye pa nou an, tout abondans sa ke nou te founi pou bati yon kay pou non sen pa Ou, soti nan men Ou, e tout se pou Ou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Senyè, Bondye nou, nou pare tout richès sa yo pou bati yon kay pou ou, ou menm ki yon Bondye apa. Men, se nan men ou yo tout yo sòti, se pou ou yo tout ye.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 29:16
8 Referans Kwoze  

Men se kilès mwen ye, e kilès pèp mwen an ye, pou nou ta kapab ofri ak jenewozite sa a? Paske tout bagay sòti nan Ou, e nou te bay Ou sa ki deja pa W.


Paske nou se vwayajè devan Ou, lokatè, tankou tout zansèt nou yo te ye. Jou nou sou latè a se tankou lonbraj e nanpwen espwa.


Mwen konnen tou, O Bondye mwen an, ke Ou fè sonde tout kè, e pran plezi nan ladwati. Pou mwen menm, ak yon kè entèg, mwen te ofri avèk bòn volonte tout sila yo. Epi koulye a, avèk jwa, mwen gen tan wè pèp Ou a, ki prezan isit la, pou fè sakrifis ak bòn volonte a Ou menm.


Azaria, chèf prèt lakay Tsadok la te di li: “Depi don yo te kòmanse antre lakay SENYÈ a, nou te gen kont pou nou manje avèk anpil ki te rete, paske SENYÈ a te beni pèp Li a, e gran kantite sila a rete toujou.”


Tè a se pou SENYÈ a, avèk tout sa ki ladann; lemonn avèk tout sila ki rete ladann yo.


Paske li pa t konnen ke se te Mwen ki te bay li sereyal la, diven nèf ak lwil la, e ki te bay li anpil lò ak ajan ke yo te fè sèvi pou Baal yo.


‘Ajan se pa M, e lò se pa M’, deklare SENYÈ dèzame yo.


“Premye a te parèt e te di: Mèt, min ou an fè dis min anplis.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite