Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Kwonik 29:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Paske nou se vwayajè devan Ou, lokatè, tankou tout zansèt nou yo te ye. Jou nou sou latè a se tankou lonbraj e nanpwen espwa.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Senyè, ou konnen, devan ou se pase n'ap pase tankou moun k'ap vizite, menm jan ak tout zansèt nou yo. Lavi nou sou latè tankou yon nyaj k'ap pase. Wè pa wè fòk nou mouri.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 29:15
22 Referans Kwoze  

Epi Abraham te demere nan peyi Filistyen yo pandan anpil jou.


“Mwen menm se yon etranje k ap demere pami nou. Ban mwen yon kote pou antèman pami nou pou m kapab antere mò a kote mwen p ap wè li.”


Ke li kapab osi bay ou benediksyon Abraham nan, pou ou menm, ak pou desandan ou yo osi, ke ou kapab posede peyi kote w ap demere a, ke Bondye te bay a Abraham nan.”


Paske byen yo te vin twò gran pou yo ta viv ansanm, e peyi kote yo te demere a pa t kab pran yo akoz tout bèt yo te genyen yo.


Konsa, Jacob te di a Farawon: “Lane lavi m yo sou latè se san-trant. Pa anpil, e degoutan se te ane lavi m yo. Ni yo pa menm fòs avèk lane ke zansèt mwen yo te viv pandan jou lavi pa yo.”


Men se kilès mwen ye, e kilès pèp mwen an ye, pou nou ta kapab ofri ak jenewozite sa a? Paske tout bagay sòti nan Ou, e nou te bay Ou sa ki deja pa W.


O SENYÈ a, Bondye pa nou an, tout abondans sa ke nou te founi pou bati yon kay pou non sen pa Ou, soti nan men Ou, e tout se pou Ou.


Men lòm mouri pou kouche plat. Lòm mouri e kibò li ye?


Tankou yon flè, li parèt e li fennen. Anplis, li sove ale kon lonbraj. Li pa dire.


Paske nou menm se sèl bagay ayè nou konnen, e nou pa konnen anyen, paske jou pa nou yo sou latè se sèl yon lonbraj ki pase.


Jou m yo tankou yon lonbraj ki vin long. Mwen vin fennen tankou zèb.


Mwen se yon etranje sou latè. Pa kache kòmandman Ou yo de mwen.


Lòm se tankou yon sèl souf. Jou li yo se tankou yon lonbraj k ap pase.


Tande lapriyè mwen, O SENYÈ e prete zòrèy Ou a kri mwen. Pa rete an silans lè dlo ap koule nan zye m. Paske mwen se yon etranje devan Ou, yon vwayajè tankou tout papa zansèt mwen yo.


Vire rega figi Ou lwen m, pou m kab ri ankò, avan ke m mouri pou m pa la ankò.”


Paske tout jou nou yo pase nan gran kòlè Ou. Ane nou yo ap fini kon souf.


Paske kilès ki konnen sa ki bon pou yon nonm pandan lavi li, pandan ti kras ane lavi li ki san rezon an? Li va pase yo tankou lonbraj. Paske se kilès ki ka di sa k ap rive apre li anba solèy la?


“Tè a, anplis, pa pou vann nèt, paske tè a se pa M; paske nou se sèlman etranje k ap demere avè M.


Malgre, nou pa konnen kijan lavi nou va ye demen. Paske ki sa lavi ou ye? Li se sèlman yon vapè ki parèt pou yon ti moman, e answit, vin disparèt.


Byeneme, mwen ankouraje nou kòm vwayajè ak etranje yo, pou nou rete lwen lanvi lachè k ap fè lagè kont nanm nan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite