Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Kwonik 28:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Epi David te bay a fis li Salomon, plan pou fè galri tanp lan, tout chanm li yo, avèk chanm trezò li yo, chanm anlè li yo, chanm enteryè li yo, ak chanm pou twòn pwopiyatwa a;

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Apre sa, David bay Salomon plan tout kay Tanp lan, plan tout chanm ak tout depo yo, plan tout lòt chanm sou anwo yo, chanm anndan yo ak plan gwo chanm yo mete apa pou Bondye a, kote yo fè sèvis pou mande padon pou peche yo.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 28:11
28 Referans Kwoze  

Li te bati anplis etaj ki te kont tout kay la, yo chak nan wotè a senk koude. Yo te tache nan kay la avèk bwa sèd.


Galeri pa devan antre kay la te ven koude nan longè, ki te koresponn avèk lajè kay la e pwofondè devan kay la te dis koude.


epi plan a tout sa ke li te gen nan tèt li, pou lakou lakay SENYÈ a e pou tout chanm ki te antoure l yo, pou chanm trezò lakay Bondye yo, e pou chanm trezò pou tout bagay konsakre yo;


David te di: “SENYÈ a te fè M konprann avèk men L ki te ekri pou mwen, tout detay a modèl sila a.”


Answit, prèt yo te mennen lach akò a SENYÈ a antre nan plas li, anndan sanktyè enteryè kay la, nan kote ki sen pase tout lòt yo anba zèl a cheriben yo.


te prepare yon gran chanm pou li, nan kote a ki oparavan te konn sèvi pou depo ofrann sereyal yo, lansan a, zouti ak dim sereyal yo, diven avèk lwil ki te pou Levit yo, chantè yo, ak gadyen pòtay yo, avèk kontribisyon balanse an lè, ki te pou prèt yo.


“Veye pou nou fè yo selon patwon ki pou yo a, ki te montre a ou nan mòn nan.”


Selon tout sa ke M gen pou montre nou, kòm modèl tabènak la, ak patwon tout mèb li yo, se konsa ojis ke nou va konstwi li.


“Ou va monte tabènak la selon plan ki te montre a ou sou mòn nan.


“Ale lakay Rekabit yo. Pale avèk yo e mennen yo antre lakay SENYÈ a, nan youn nan chanm yo, e bay yo diven pou yo bwè.”


Soti devan antre a pòtay, antre a pou rive devan galri enteryè a, te gen senkant koude.


Alò, Li leve zye li e te wè moun rich yo ki t ap mete ofrann nan bwat kès nan tanp lan.


ki sèvi kòm yon kopi ak lonbraj a bagay selès yo, jis jan ke Moïse te avèti pa Bondye lè Li te prèt pou leve tabènak la, paske “Veye” Li te di: “pou ou fè tout bagay selon modèl ki te montre a ou menm sou mòn nan.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite