Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Kwonik 27:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

29 Schithraï, Sawonit lan te an chaj bèt ki t ap manje nan Saron yo; epi Schaphath, fis a Adlaï a, sou bèf ki te nan vale yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

29 Se Chitrayi, moun Sawon, ki te reskonsab tout bèf yo t'ap gade nan zòn Sawon an. Se Chafat, pitit gason Adlayi, ki te reskonsab bèf yo t'ap gade nan fon yo.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 27:29
9 Referans Kwoze  

Obil, Izmayelit la, te an chaj chamo yo; epi Jechdia, Mewonotit la, te an chaj bourik yo.


Yo te rete Galaad nan Basan, nan vil pa li yo ak nan tout teren patiraj yo nan Saron jis rive nan limit lizyè pa yo.


Li te bati fò nan dezè yo, e li te fouye anpil sitèn, paske li te gen anpil bèt, ni nan ba plèn nan, ni nan gran plèn nan. Anplis, li te genyen labourè chan yo avèk moun pou pran swen chan rezen nan peyi ti kolin yo ak nan chan bon tè yo, paske li te renmen latè anpil.


Mwen te achte esklav, ni mal ni femèl e mwen te genyen ki te fèt lakay mwen. Anplis mwen te genyen bann mouton avèk twoupo pi gran pase tout wa ki te Jérusalem avan m yo.


Li va fleri anpil, rejwi ak kè kontan, e fè yon kri lajwa. Glwa Liban an va bay a li menm; majeste a Carmen ak Saron an. Yo va wè glwa SENYÈ a, majeste a Bondye nou an.


Saron va yon peyi ki fè patiraj pou bann mouton yo, e vale Acor yon kote pou twoupo yo ka repoze, pou pèp Mwen ki chache Mwen an.


Tout moun ki te rete nan Lydde ak Saron yo te wè l, e yo te vire vè Senyè a.


Vire kòmanse vwayaj nou an pou ale nan peyi mòn ki pou Amoreyen yo e vè tout kote nan Arabah yo nan peyi mòn yo, nan teren ba yo, nan Negev la, nan lanmè a, peyi a Canaran yo ak nan Liban jis rive nan gran rivyè Lefrat la.


Alò, youn nan sèvitè a Saül yo te la nan jou sa a, fèmen devan SENYÈ a. Non li se te Doëg, Edomit la, chèf a bèje Saül yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite