Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Kwonik 25:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Nan fis a Asaph yo: Zaccur, Joseph, Nethania avèk Aschareéla; fis a Asaph yo te anba direksyon a Asaph, ki te pwofetize anba direksyon a wa a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Asaf te gen kat pitit: Zakou, Jozèf, Netama ak Acharela. Yo te sou zòd Asaf. Se li ki te konn fè konnen mesay Bondye yo chak lè wa a mande l pou l fè l.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 25:2
20 Referans Kwoze  

Tout te anba direksyon a papa yo pou chante lakay SENYÈ a, avèk senbal, ap ak gita yo, pou sèvis kay Bondye a. Asaph, Jeduthun avèk Héman te anba direksyon wa a.


Anplis, David avèk kòmandan lame yo te mete apa pou sèvis kèk nan fis a Asaph yo, Héman ak Jeduthun pou pwofetize avèk gita yo, ap ak senbal; epi fòs kantite moun ki te fè sèvis pa yo se te:


Asaph, chèf la e dezyèm apre li a, Zacharie, swiv pa Jeïel, Schemiramoth, Jehiel, Matthithia, Éliab, Benaja, Obed-Édom ak Jeïel avèk lenstriman mizik yo, ap yo, gita yo; epi Asaph sou senbal gwo bwi yo,


Lè yon nonm mete men l sou frè l lakay papa l, epi di: “Se ou ki gen manto a, se ou k ap chèf nou an, e tout miray kraze sa yo va anba pouvwa ou”,


O Bondye, pa rete an silans. Pa fè silans, O Bondye. Pa rete trankil.


Bondye vin kanpe nan mitan pwòp asanble Li a. Li fè jijman nan mitan dye yo.


Chante avèk jwa a Bondye ki se fòs nou! Rele fò ak jwa a Bondye a Jacob la!


O prete zòrèy Ou, Bèje Israël la, Ou menm ki mennen Joseph tankou yon twoupo, Ou menm ki chita sou twòn anwo cheriben yo, se pou ou briye.


O Bondye, nasyon yo te anvayi eritaj Ou a. Yo te souye sen tanp Ou an. Yo te fè Jérusalem kouche nan yon pil ranblè.


Koute, O pèp mwen an a lenstriksyon mwen. Panche zòrèy Ou vè pawòl a bouch mwen.


Vwa m leve vè Bondye! Mwen kriye pou sekou. Vwa m leve vè Bondye pou L tande mwen.


Bondye byen rekonèt nan Juda. Non Li gran an Israël.


Nou bay remèsiman a Ou menm, O Bondye, Nou bay remèsiman, paske Non Ou toupre. Moun yo fè deklarasyon zèv mèvèy Ou yo.


O Bondye, poukisa Ou te rejte nou pou tout tan? Poukisa kòlè Ou fè lafimen kont mouton patiraj Ou an?


Anverite, Bondye bon a Israël, a sila avèk kè ki san tach yo!


Selon Juduthun, fis a Juduthun yo: Guedalia, Tseri, Ésaïe, Haschabia, Matthithia avèk Schimeï, sis, anba direksyon a papa yo, Juduthun, avèk ap la, ki te konn pwofetize nan bay remèsiman avèk lwanj SENYÈ a.


Konsa, Levit yo te chwazi Héman, fis a Joël la e soti nan fanmi pa li a, Asaph, fis a Bérékia a; epi soti nan fis a Merari yo avèk fanmi pa yo, Éthan, fis a Kuschaja a;


Frè Héman an, Asaph te kanpe sou men dwat li, menm Asaph la, fis a Bérékia a, fis a Schimea a,


Yo te tire osò pou travay tach yo, tout menm jan an, piti kon gran, pwofesè kon elèv.


Alò, lè ouvriye yo te fin poze fondasyon tanp SENYÈ a, prèt yo te kanpe ak vètman pa yo avèk twonpèt yo, e Levit yo, fis a Asaph yo, avèk senbal yo, pou louwe SENYÈ a selon enstriksyon a Wa David de Israël la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite