Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Kwonik 24:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Schemaeja, fis a Nethaneel la, grefye pou trib Lévi a, te enskri yo nan prezans a wa a, chèf lakay zansèt yo, Tsadok, prèt la, Achimélec, fis a Abiathar a ak chèf a lakay zansèt a prèt avèk Levit yo; youn lakay zansèt ki te pran pou Éléazar yo e youn pou Ithamar yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Se konsa, Chemaja, pitit Netaneyèl, yonn nan moun Levi yo, ki te sekretè, te make non yo nan rejis devan wa a, devan chèf yo, devan Zadòk, prèt la, devan Akimelèk, pitit Abyata, ak devan tout chèf fanmi prèt yo ak moun Levi yo. Yo fè tirajosò sou chak de moun Elyaza pou yon moun Itama.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 24:6
12 Referans Kwoze  

Élihoreph avèk Achija, fis a Schischa yo te sekretè; Josaphat, fis a Achilud la, grefye;


epi Tsadok, fis a Achithub la avèk Abimélèc, fis a Abiathar a, te prèt, e Schavscha te sekretè;


Sila yo se te fis a Lévi selon lakay zansèt pa yo, menm lakay zansèt a sila ki te kontwole nan kantite non nan gwo chif kontwòl la, sila ki t ap fè travay lakay SENYÈ a, soti nan ventan oswa plis.


Sila yo osi te voye kon tiraj osò tankou manm fanmi pa yo, fis a Aaron yo nan prezans a David, wa a, Tsadok avèk Achimélec, chèf lakay zansèt pa yo pami prèt ak Levit yo, chèf lakay papa pa yo jis jan sa ye pou nan pi piti frè li yo.


Alò, premye tiraj osò a te tonbe pou Jehojarib; dezyèm nan pou Jedaeja;


Anplis, yo te sou sila ki t ap pote chaj yo, e yo te sipèvize tout ouvriye soti de yon tach a yon lòt. Pami Levit yo te gen skrib, ofisye ak sipèvizè.


Esdras sila a te monte soti Babylone e li te yon skrib avèk anpil konesans nan lalwa Moïse la, ke SENYÈ a, Bondye Israël la, te bay la. Epi wa a te bay li tout sa ke li te mande akoz men SENYÈ a, Bondye li a, te sou li.


Konsa, tout pèp la te rasanble kon yon sèl moun nan plas ki te devan Pòtay Dlo a. E yo te pale ak Esdras, skrib la, pou mennen liv lalwa Moïse la ke SENYÈ a te bay a Israël la.


Epi Jésus te di yo: “Konsa, chak skrib ki vini yon disip a wayòm nan se tankou yon mèt kay ki fè vin parèt nan trezò li sa ki nèf ak sa ki vye.”


Yon sèten skrib te parèt. Li te di L: “Mèt, m ap swiv ou nenpòt kote ou ale.”


Kijan li te antre menm nan kay Bondye a nan tan wo prèt la Abiathar? Jan li te manje pen konsakre a ki pa pèmi pou pèsòn manje sof ke prèt yo, e li te bay li osi a sila ki te avè l yo?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite