Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Kwonik 24:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Konsa yo te divize pa tiraj osò, youn tankou lòt la; paske yo te sèvi kon ofisye nan sanktiyè a e ofisye a Bondye, e nan desandan a Éléazar yo ak desandan a Ithamar yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Nan tou de fanmi yo, te gen moun ki te chèf nan Tanp lan ak chèf pou fè sèvis Bondye. Chak moun te gen tou pa yo. Yo te fè yo fè tirajosò pou yo te ka konnen ki lè ki tou chak moun.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 24:5
17 Referans Kwoze  

Sila yo osi te voye kon tiraj osò tankou manm fanmi pa yo, fis a Aaron yo nan prezans a David, wa a, Tsadok avèk Achimélec, chèf lakay zansèt pa yo pami prèt ak Levit yo, chèf lakay papa pa yo jis jan sa ye pou nan pi piti frè li yo.


Lè wo prèt la avèk kaptenn kò gad tanp lan te tande sa, yo te vin enkyete pou kote pwoblèm sa a ta vin rive.


Anne, wo prèt la te la, avèk Caïphe, Jean, Alexandre, ak tout sila ki te desandan wo prèt yo.


Pandan yo t ap pale ak pèp la, prèt avèk kaptenn gad tanp lan avèk Sadiseyen yo te rive kote yo.


Yo te fè tiraj osò pou yo, e osò a te tonbe pou Matthias. Konsa, li te ajoute pami onz apòt yo.


Alò, lè maten vin rive, tout chèf prèt yo avèk lansyen a pèp la te pran diskite kont Jésus pou mete Li a lanmò.


Nan moman sa a, chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo te reyini ansanm nan lakou tribinal wo prèt ke yo te rele Caïphe la.


Chak mesye yo te di a konparèy yo: “Vini, annou fè tiraj osò pou nou ka konprann sou kont kilès gwo malè sa a rive nou an.” Yo te fè tiraj osò a, e sò a te tonbe sou Jonas.


Tiraj osò fèt nan fon wòb; men tout desizyon ki sòti, sòti nan SENYÈ a.


Seraja, fis a Hilkija a, fis a Meschullam nan, fis a Tsadok la, fis a Merajoth la, fis a Achithub la, ki te dirije lakay Bondye,


Anplis, ofisye pa li yo te fè kontribisyon a yon ofrann bòn volonte a pèp la, prèt yo avèk Levit yo. Hilkija, Zacharie, avèk Jehiel, chèf lakay Bondye yo, te bay a prèt yo pou Pak la, yon ofrann de-mil-sis-san bèt ki sòti nan bann mouton yo, avèk twa-san towo.


Azaria, fis a Hilkija a, fis a Meschullam nan, fis a Tsadok la, fis a Merajoth la, fis a Achithub la, chèf lakay Bondye a;


Epi Josué te tire yo osò pou yo nan Silo devan SENYÈ a e la, Josué te divize peyi a pou fis Israël yo selon divizyon pa yo.


Akoz ke te gen plis chèf nan desandan a Éléazar yo pase nan desandan a Ithamar yo, yo te divize yo konsa: sèz chèf zansèt a desandan a Éléazar yo ak uit nan desandan Ithamar yo, selon lakay zansèt pa yo.


Yo te tire yo osò, piti kon gran, selon lakay zansèt pa yo pou chak pòtay.


Yo te tire osò pou travay tach yo, tout menm jan an, piti kon gran, pwofesè kon elèv.


Pou sa, Mwen va deklare prens a sanktyè yo pa pwòp; Mwen va fè Jacob yon malediksyon, e Israël kon yon repwòch.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite