Alò, gade byen, men divizyon a prèt yo avèk Levit yo pou tout sèvis lakay Bondye yo e tout mesye avèk kapasite yo va avèk ou nan travay la pou tout kalite sèvis yo. Anplis, ofisye yo avèk tout pèp la va disponib nèt sou lòd pa ou.”
Konsa, Levit yo avèk tout Juda te fè selon tout sa ke Jehojada, prèt la, te kòmande yo a. Yo chak te pran mesye pa yo ki te gen pou antre anndan nan Saba a, avèk sila ki t ap sòti nan Saba yo, paske Jehojada, prèt la, pa t lage okenn nan divizyon sòlda yo.
Konsa, Ézéchias te apwente divizyon a prèt yo ak Levit yo pa divizyon pa yo, yo chak selon sèvis pa yo, prèt yo avèk Levit yo pou ofrann brile avèk ofrann lapè yo, pou fè sèvis e bay remèsiman avèk lwanj nan pòtay kan SENYÈ a.