Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Kwonik 23:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

29 epi avèk pen konsakre ak farin fen pou yon ofrann sereyal, galèt san ledven, oswa sa ki kwit nan veso, ni sa ki byen mele ak tout mezi a volim oswa gwosè yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

29 Yo te reskonsab pen yo te ofri bay Bondye yo, farin frans yo sèvi pou fè ofrann yo, pen san ledven yo, ofrann farin melanje ak lwil yo. Se yo ki te reskonsab peze ak mezire ofrann nan Tanp lan.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 23:29
16 Referans Kwoze  

Salomon te fè tout mèb ki te lakay SENYÈ a: lotèl an lò, tab an lò, sou sila pen a Prezans lan te ye a;


Paske wòl pa yo se pou ede fis a Aaron yo avèk sèvis lakay SENYÈ a, nan gwo lakou yo, nan chanm yo ak nan pirifye tout bagay sen yo, menm travay a sèvis lakay Bondye a,


Yo gen pou kanpe chak maten pou bay remèsiman avèk lwanj a SENYÈ a, e menm jan an nan aswè,


Chak maten e chak swa, yo brile bay SENYÈ a ofrann brile avèk lansan santi bon, pen konsakre ki sou tab pwòp, e chandelye a avèk lanp li yo pou limen chak swa; paske nou kenbe chaj a SENYÈ a, Bondye nou an, men ou te abandone Li.


Alò, yo te antre kote Wa Ézéchias la, e yo te di: “Nou fin netwaye tout kay SENYÈ a, lotèl ofrann brile a avèk tout zouti li yo ak tab pen konsakre a avèk tout zouti li yo.


pou pen konsakre, ofrann sereyal ki pa janm fini, ofrann brile ki pa janm fini, Saba yo, nouvèl lin, pou lè chwazi yo, pou bagay sen yo e pou ofrann peche pou fè ekspiyasyon pou peche Israël yo ak tout travay lakay Bondye nou an.


“Ou va mete pen Prezans lan sou tab la devan Mwen pou li la tout lè.


Menm jan an, chak ofrann sereyal ki vin kwit nan fou a ak tout bagay ki prepare nan yon pwalon va rete pou prèt ki prezante li a.


nan men a premye ne a fis Israël yo, li te pran lajan an an valè sik sanktyè a, mil-twa-san-swasann-senk (1,365) sik.


Jan li te antre nan kay Bondye a, e te manje pen ki te konsakre ki pa t pèmi pou li ta manje, ni pou sa yo ki te avè l yo, men te sèlman pou prèt yo?


Paske te gen yon tabènak ki te fin prepare. Sa ki pa deyò a, nan li te gen chandelye a, tab la, ak pen sakre a. Yo rele l lye sen an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite