1 Alò, lè David te vin granmoun, li te fè fis li Salomon, wa sou Israël.
1 David te fin vye, li te fin viv, lè li mete pitit li Salomon wa sou pèp Izrayèl.
Epi li te mouri a yon gwo laj, trè avanse plen avèk jou, richès, avèk onè. Epi fis li a, Salomon te renye nan plas li.
Pami tout fis mwen yo, (paske SENYÈ a te ban mwen anpil fis), Li te chwazi fis mwen an, Salomon pou chita sou twòn wayòm SENYÈ a sou Israël.
Alò, Wa David te vin vye, avanse nan laj. Malgre yo te kouvri li avèk rad, li te toujou fwèt.
anverite, jan mwen te sèmante a ou menm pa SENYÈ a, Bondye a Israël la, e te di: ‘Fis ou a, Salomon va devni wa a apre mwen. Li va chita sou twòn mwen an nan plas mwen’. Mwen va, anverite, fè sa menm jodi a.”
Ou va rive nan tonbo a ak tout fòs ou, tankou gwo sak ble nan sezon li.
Isaac te rann dènye souf li. Li te mouri, e li te rasanble vè moun li yo, yon granmoun anpil laj. Konsa, Ésaü avèk Jacob te antere li.
Abraham te respire dènye souf li. Li te mouri yon granmoun byen mi, e li te byen satisfè avèk lavi. Konsa, li te vin ranmase vè pèp li.
Epi Salomon te chita sou twòn David la, papa li e wayòm li an te etabli byen solid.
Li te ranmase tout chèf Israël yo avèk prèt ak Levit yo.
Èske bagay sa a te fèt pa mèt mwen an, wa a? Èske ou pa t montre sèvitè ou yo kilès ki ta dwe chita sou twòn a mèt mwen an, wa a, apre li?”