Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Kwonik 22:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Pou sa, David te bay lòd pou ranmase tout etranje ki te nan peyi Israël yo. Konsa, li te mete taye wòch nan travay pou koupe wòch pou bati kay Bondye a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 David bay lòd pou tout moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi Izrayèl la reyini. Li moute chantye kote pou taye wòch pou bati Tanp Bondye a.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 22:2
16 Referans Kwoze  

Salomon te fè kontwòl a tout etranje ki te nan peyi Israël yo, pou swiv gran kontwòl ke papa li, David te fè a; epi yo te jwenn san-senkant-twa-mil-sis-san moun.


sonje ke nou te nan tan sa a separe de Kris, andeyò de kominote Israël la, e etranje selon akò pwomès yo, san espwa, e san Bondye nan mond lan.


Yo te vèse bay lajan a mason yo avèk chapant yo avèk manje, bagay pou bwè, lwil pou Sidonyen avèk Tiryen yo pou pote bwa sèd sòti Liban pou rive nan lanmè Japho a, selon pèmisyon ke yo te resevwa soti nan Cyrus, wa Perse la.


Alò Hiram, wa Tyr a, te voye mesaje yo kote David avèk bwa sèd yo, mason ak chapant pou bati yon kay pou li.


pou chapant yo, konstriktè yo avèk mason yo e pou achte gwo bwa avèk wòch taye pou fè reparasyon kay la.


Anplis yo te bay a mason yo avèk sila ki t ap taye wòch yo, pou achte gwo bwa avèk wòch taye pou repare donmaj kay SENYÈ a ak tout sa ki te dispoze pou reparasyon li an.


Kay la, pandan li t ap bati, te bati avèk wòch ki te taye kote yo te fè min wòch. Pa t gen mato, ni rach, ni okenn zouti an fè ki te konn tande nan kay la pandan li t ap bati.


Alò, Hiram, wa a Tyr la, te voye mesaje yo kote David avèk bwa sèd avèk chapant ak mason k ap kraze wòch; epi yo te bati yon kay pou David.


Epi Wa David te di a tout asanble a: “Fis mwen an, Salomon, ki sèl pou kont li Bondye te chwazi a, toujou jèn, san gwo eksperyans e travay la byen gwo. Paske tanp lan pa pou lòm, men pou SENYÈ a, Bondye a.


Nou va koupe nenpòt bwa konstriksyon ke ou bezwen soti nan Liban pou pote ba ou ranje mare ansanm sou lanmè pou rive Japho, pou ou kab pote l monte Jérusalem.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite