Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Kwonik 22:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Konsa, ou va byen reyisi, si ou fè atansyon pou swiv règleman avèk lòd ke SENYÈ a te kòmande Moïse selon Israël yo. Kenbe fèm e pran kouraj. Pa dekouraje, ni pa krent anyen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Konsa, tout bagay va mache byen pou ou si ou veye kò ou pou ou mennen bak ou dapre lòd ak regleman Senyè a te bay Moyiz pou pèp Izrayèl la. Mete gason sou ou, kenbe fèm! Pa kite anyen fè ou pè.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 22:13
25 Referans Kwoze  

Konsa, David te di a fis li, Salomon: “Kenbe fèm, pran kouraj e aji pran desizyon. Pa pè, ni dekouraje, paske SENYÈ a, Bondye a, avèk ou. Li p ap fè fayit, ni Li p ap abandone ou jiskaske ke tout lèv pou lakay SENYÈ a fini.


Mwen va etabli wayòm li jis pou tout tan si avèk tout kè li, li fè kòmandman Mwen yo avèk règleman Mwen yo, jan sa ap fèt koulye a.’”


Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li.


Kenbe lòd SENYÈ a, Bondye ou a, pou mache nan tout vwa li yo, pou kenbe règleman Li yo, kòmandman Li yo, òdonans Li yo, avèk temwayaj Li yo, selon sa ki ekri nan Lalwa Moïse la, pou ou kapab vin genyen nan tout sa ke ou antreprann ak nenpòt kote ke ou vire.


Men, si nou ap akonpli lalwa wayal la selon Lekriti a: “Nou dwe renmen vwazen nou, tankou tèt nou,” nou ap fè byen.


Konsa, ou menm, fis mwen an se pou ou dyanm nan gras ki nan Kris Jésus a.


Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli.


Konsa, mwen p ap vin desi lè m gade kòmandman Ou yo.


Koulye a, reflechi byen, paske SENYÈ a te fin chwazi ou menm pou bati yon kay pou sanktiyè a. Pran kouraj e aji.”


Rete vijilan, kanpe fèm nan lafwa, pran kouraj, mete nou dyanm.


“Lè L te fin retire li, Li te fè leve David pou l ta kapab wa sou yo. Selon Li, te temwaye e te di: ‘Mwen twouve David, fis a Jessé a, yon nonm selon pwòp kè Mwen ki va fè tout volonte M’.


Men Jésus te reponn li. Li te di l: “Kite sa fèt nan moman sa a; paske se konsa li dwe fèt pou nou kapab akonpli tout ladwati.” Konsa li te kite sa fèt.


Yo te leve granmmaten, e yo te sòti deyò nan dezè Tekoa a. Pandan yo tap sòti, Josaphat te kanpe. Li te di: “Koute mwen, O Juda avèk moun Jérusalem yo, mete konfyans nou nan SENYÈ a, Bondye nou an, e nou va etabli. Mete konfyans nou nan pwofèt Li yo, e nou va vin reyisi.”


Nenpòt moun ki fè rebèl kont lòd ou, e ki pa obeyi pawòl ou yo nan tout sa ou kòmande li fè yo, li va vin mete a lanmò. Sèlman, kenbe fèm e pran kouraj.”


“Rete fò e pran kouraj, pa pè ni dekouraje akoz wa Assyrie a, ni tout gran foul ki avèk l; paske sila ki avèk nou an pi gran ke sila ki avè l.


Bay a wa a sajès lajistis Ou, O Bondye, ak ladwati Ou a fis a wa a.


Men koulye a, se pou ou vin dyanm, Zorobabel,’ deklare SENYÈ a: ‘Se pou ou vin dyanm, ou menm tou, Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la, e tout pèp peyi a, se pou nou vin dyanm,’ deklare SENYÈ a: ‘epi travay, paske Mwen avèk nou,’ deklare SENYÈ dèzame yo.


Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Kite men nou vin dyanm, nou menm k ap koute nan jou sa yo, pawòl sa yo ki soti nan bouch a pwofèt ki te pale nan jou ke fondasyon kay SENYÈ Dèzame yo te poze a, menm tanp lan, pou li te kapab vin bati.


“Mwen prale nan chemen a tout tè a. Pou sa, rete dyanm e montre ke se gason ou ye.


Li te bati vil fòtifye Juda yo, akoz peyi a te san pwoblèm e pa t gen okenn moun ki te fè lagè avèk li pandan ane sila yo, akoz SENYÈ a te ba li repo.


Li te kontinye chache Bondye nan tout jou a Zacharie yo, ki te gen konprann selon vizyon Bondye. Pandan tout tan li t ap chache SENYÈ a, Bondye te fè l reyisi.


Li va tankou yon pyebwa ki plante bò kote flèv dlo ki bay fwi li nan sezon li. Fèy li p ap janm fane, e tout sa li fè byen reyisi.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite