Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Kwonik 21:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Men Wa David te di a Ornan: “Non, men anverite, mwen va achte li pou tout pri li. Paske mwen p ap pran sa ki pou ou pou SENYÈ a, ni ofri ofrann brile ki pa t koute mwen anyen.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

24 Men wa David reponn Onan, li di l: — Non. Se achte m'ap achte. Se pou m peye ou sa yo vo. M pa ka ofri Senyè a sa ki pou ou. Mwen p'ap pran anyen ki pa koute m lajan pou m ofri bay Senyè a.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 21:24
9 Referans Kwoze  

ke mwen p ap pran menm yon fisèl oswa yon sandal, ni yon las, ni anyen ki pou ou, akoz laperèz ke ou ta di ‘se ou ki fè Abram vin rich’.


Li te pale a Ephron nan prezans tout pèp peyi a, e te di: “Silvouplè, si ou va sèlman koute mwen, mwen va bay pri a chan an. Aksepte li nan men m pou m kapab antere mò mwen an.”


ke li kapab ban mwen kav Macpéla ki pou li a, ki nan pwent chan li an. Pou tout pri ke li fò, ke li ban mwen li devan nou kòm yon lye antèman an.”


Sepandan, wa a te di a Aravna: “Non, men mwen va, anverite, achte li pou yon pri. Paske mwen p ap ofri ofrann brile bay SENYÈ a, Bondye mwen an ki pa koute m anyen.” Konsa, David te achte glasi a avèk bèf yo pou senkant sik ajan.


Ornan te di a David: “Pran li pou kont ou, epi kite mèt mwen an, wa a, fè sa ki bon nan zye l. Gade, mwen bay ou bèf yo pou ofrann brile a ak mas pilon, kon bwa ak ble kon ofrann sereyal la. M ap ba ou tout.”


Konsa David te bay Ornan sis-san sik an lò selon pwa li pou anplasman an.


Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite