Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Kwonik 21:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Alò, zanj SENYÈ a te kòmande Gad pou pale David, pou David ta dwe monte pou bati yon lotèl a SENYÈ a sou glasi vannen ki te pou Ornan an, Jebizyen an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

18 Zanj Senyè a te bay pwofèt Gad lòd pou l te al mande David pou l moute lakay Onan, moun lavil Jebis la, bati yon lotèl pou Senyè a nan mitan glasi a.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 21:18
7 Referans Kwoze  

Konsa, Gad te rive kote David nan jou sa menm, e li te di li: “Ale monte, bati yon lotèl a SENYÈ a sou glasi Aravna a, Jebizyen an.”


Konsa, Gad te vin kote David. Li te di l: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Pran pou ou menm


Epi Bondye te voye yon zanj Jérusalem pou detwi vil la, men lè l te prè pou detwi, SENYÈ a te wè, e te lache de gwo dega a. Li te di a zanj ki t ap detwi a: “Sa kont. Alò, lache men ou.” Zanj SENYÈ a t ap kanpe akote glasi vannen ki pou Ornan an, Jebizyen an.


Konsa, David te monte selon pawòl ke Gad te pale nan non SENYÈ a.


Konsa David te di: “Sa se lakay SENYÈ a, Bondye a, e sa se lotèl ofrann brile pou Israël la.”


Alò, Salomon te kòmanse bati lakay SENYÈ a Jérusalem sou Mòn Moriah, kote SENYÈ a te parèt a papa li a, David, nan plas ke David te prepare sou glasi vannen ki te pou Ornan, Jebizyen an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite