1 Kwonik 20:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen2 David te retire kouwòn a wa pa yo soti sou tèt li. Li te twouve ke li te peze yon talan lò, e te gen pyè presye yo ladann. Konsa, yo te plase li sou tèt a David. Konsa, li te mennen fè sòti piyaj nan vil la, yon trè gran kantite. Gade chapit la1998 Haïtienne2 Estati Milkòm, zidòl moun Amon yo, te gen yon gwo kouwòn fèt an lò sou tèt li. Kouwòn lan te peze swasannkenz liv, li te gen yon gwo pyè koute chè ladan l. David pran kouwòn lò ki te sou tèt zidòl la, li mete l sou tèt pa l. Lèfini, se pa de bagay li pa pran nan lavil la. Gade chapit la |