Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Kwonik 2:55 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

55 epi fanmi a skrib ki te rete Jaebets yo: Tireatyen yo, Schimeatyen yo ak Sikatyen yo. Sila yo se Kenyen ki te soti nan Hamath yo, papa lakay Récab.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

55 Men branch fanmi moun ki te abil nan ekri ak kopye dokiman. Yo te rete lavil Jabèz. Se te moun Tira yo, moun Chima yo ak moun Souka yo. Se moun branch fanmi Kayen ki sòti nan fanmi Amat, zansèt moun Rekab yo.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 2:55
11 Referans Kwoze  

Alò, lè li te kite la, li te rankontre Jonadab, fis a Récab ki te vin rankontre li a. Li te salye li, e te di li: “Èske kè ou bon, jan kè m avèk kè ou a?” Jonadab te reponn: “Li konsa.” Jéhu te di: “Si li konsa, ban mwen men ou.” Epi li te pran li fè l monte nan cha li a.


Fis a Salma yo: Bethléem avèk Netofatyen yo, Athroth-Beth-Joab, Hatsi-Hammanachthi, Soreyen yo;


Alò, sila yo se te fis a David ke li te fè Hébron yo. Premye ne a, Amnon, pa Achinoam ak Jizreel; dezyèm nan, Daniel ak Abigaïl, moun Carmel la;


Esdras sila a te monte soti Babylone e li te yon skrib avèk anpil konesans nan lalwa Moïse la, ke SENYÈ a, Bondye Israël la, te bay la. Epi wa a te bay li tout sa ke li te mande akoz men SENYÈ a, Bondye li a, te sou li.


Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Jonadab, fis a Récab la, p ap manke yon nonm ki pou toujou kanpe devan M.’”


“‘Kòman nou ka di: “Mwen saj’, epi lalwa SENYÈ a avèk nou?” Men gade byen, fo plim a skrib yo fè sa tounen gwo manti.


Desandan Kenyen yo, bòpè Moïse la, te monte soti nan vil pal yo avèk fis Juda yo. Yo soti nan dezè a Juda ki vè sid Arad la, epi yo te monte pou rete avèk pèp sila yo.


Alò, Héber, Kenyen an te rete apa de Kenyen yo, fis Hobab yo, bòpè Moïse la, e te monte tant li byen lwen jis nan bwatchenn ki nan Tsaannaïm nan, ki toupre Kédesch la.


Saül te di a Kenyen yo: “Ale, sòti kite Amalekit yo pou m pa detwi nou ansanm avèk yo; paske nou te montre favè nou anvè tout fis Israël yo lè yo te monte soti an Égypte.” Konsa, Kenyen yo te sòti nan mitan Amalekit yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite