Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Kwonik 2:42 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

42 Alò, fis a Caleb yo, frè a Jerachmeel la: Méscha, fis premye ne a, ki te vin papa a Ziph e fis pa li a se te Maréscha, papa a Hébron.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

42 Premye pitit gason Kalèb, frè Jerakmeyèl la, te rele Mecha. Mecha te papa Zif. Marecha, dezyèm pitit Kalèb la, te papa Ebwon.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 2:42
20 Referans Kwoze  

anvè gran asanble a, ak legliz premye ne yo ki anrejistre nan syèl la, anvè Bondye, jij a tout moun nan, e anvè lespri a moun ladwati ki te fèt pafè yo,


Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè.


Alò, nan Gabaon, te rete Jeiel, papa a Gabaon an e madanm li te rele Maaca;


Fis a Shobal yo, papa a Kirjath-Jearim te Haroé, Hatsi-Hammenuhoth.


Li te fè ankò Schaaph, papa a Madmanna, avèk Scheva, papa a Macbéna, papa a Guibea. Fi a Caleb la te Acsa.


Fis a Schammaï a: Maon; epi Maon te papa a Beth-Tsur.


Zifyen yo te vin kote Saül nan Guibea. Yo te di l: “Èske David pa kache nan ti mòn Hakila a, devan Jeschimon?”


Epi Zifyen yo te vin monte kote Saül nan Guibea, e te di: “Èske David pa kache pami nou nan fòterès nan Horès yo, sou mòn a Hakila a, ki sou kote sid a Jeschimon an?


Ziph, Thélem, Bealòth,


Ruben, se ou ki premye ne mwen an; pouvwa mwen, kòmansman nan gwo fòs mwen, premye nan respè e premye nan fòs.


Schallum te fè Jekamja; Jekamaja te fè Élischama.


Fis a Hébron yo: Koré, Thappuach, Rékem avèk Schéma.


Keïla, Aczib ak Maréscha; nèf vil avèk bouk pa yo.


Maon, Carmel, Ziph, Juta,


Fis ki ne a Hetsron yo: Jerachmeel, Ram, avèk Kelubaï.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite