Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Kwonik 2:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Apre, Hetsron te ale kote fi a Makir a, papa a Galaad e li te gen swasant ane depi li te marye avè l; epi li te fè pou li Segub.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Lè Ezwon te gen swasantan laj, li marye ak pitit fi Maki a, sè Galarad. Yo te gen yon pitit gason yo te rele Segoub.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 2:21
9 Referans Kwoze  

Alò fis Tselophchad yo, fis a Hépher a, fis a Galaad la, fis a Makir a, fis a Manassé a, nan fanmi a Manassé, fis a Joseph la, te vin rapwoche; epi sila yo se non a fi li yo: Machia, Noe, Hogla, Milca, ak Thirtsa,


A Makir, mwen te bay Galaad.


Fis a Manassé yo: a Makir, fanmi a Makirit yo; epi Makir te devni papa a Galaad; a fanmi Galaadit yo;


Joseph te wè twazyèm jenerasyon nan fis Ephraim yo, e anplis, fis a Makir yo, fis a Manassé a te fèt sou jenou a Joseph.


Hur te fè Uri e Uri te fè Betsaleel.


Segub te fè Jaïr, ki te gen venn-twa vil nan peyi Galaad.


Jaïr, fis a Manassé a te ale pran vil li yo, e li te rele yo Havvoth-jaïr.


Fis a Manassé yo: Asriel, fèt pa ti mennaj Siryen li an; li te fè Makir, papa a Galaad.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite