Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Kwonik 19:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Siryen yo te sove ale devan Israël e David te touye nan Siryen yo, sèt-mil mèt cha avèk karant-mil sòlda a pye e te mete a lanmò Schophach, chèf lame a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

18 Moun Izrayèl yo fè moun Aram yo kouri met deyò. David ak sòlda li yo touye sòlda ki te sou sètmil (7.000) cha lagè ak karantmil (40.000) sòlda ki te apye. Yo touye Chofak, chèf lame lènmi an.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 19:18
7 Referans Kwoze  

Men Siryen yo te sove ale devan Israël. David te touye sèt-san mèt a cha Siryen, karant-mil chevalye e te frape fè desann Schobac, kòmandan lame pa yo a, e li te mouri la.


Lè bagay sa a te pale a David, li te ranmase tout Israël ansanm, te travèse Jourdain an, te vin parèt sou yo e te rale nan fòmasyon batay kont yo a. Epi lè David te rale nan fòmasyon batay la kont Siryen yo, yo te goumen kont li.


Konsa, lè sèvitè a Hadarézer yo te wè ke yo te fin bat pa Israël, yo te fè lapè avèk David e te sèvi li. Konsa, Siryen yo pa t janm dakò ankò pou ede fis a Ammon yo.


Bondye ki mare senti m ak fòs, epi fè chemen mwen san fot la?


Wa a pa sove pa yon lame pwisan. Yon gèrye pa delivre pa gran fòs Li.


SENYÈ dèzame yo avèk nou. Bondye Jacob la se sitadèl nou. Tan


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite