Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Kwonik 17:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Kite non pa Ou vin etabli e onore jis pou tout tan, epi di: SENYÈ dèzame yo se Bondye a Israël la, yon Bondye menm pou Israël. Konsa, lakay David, sèvitè Ou a se etabli devan Ou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

24 Kenbe pwomès ou pou tout moun rekonèt jan ou gen pouvwa, pou yo di: Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki Bondye pèp Izrayèl la vre. Se yon Bondye pou pèp Izrayèl la. Konsa, gouvènman ki nan men fanmi David, sèvitè ou la, va kanpe fèm pou tout tan devan ou.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 17:24
17 Referans Kwoze  

Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: “Gade, tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo.


Nenpòt moun ki pale, li dwe fè sa tankou sila k ap pale pawòl a Bondye. Nenpòt moun ki sèvi, li dwe fè li tankou sila k ap sèvi avèk tout fòs ke Bondye ba li, pouke nan tout bagay, Bondye kapab glorifye atravè Jésus Kri. A Li menm, apatyen laglwa ak pwisans, pou tout tan e pou tout tan. Amen.


Men jan sa ye a, yo pito yon pi bon peyi, yon peyi selès. Konsa, Bondye pa t wont pou Li menm ta rele Bondye pa yo a, paske Li te prepare yon vil pou yo.


Paske sa se akò ke Mwen va fè avèk kay Israël la apre jou sa yo, di Senyè a: Mwen va mete Lalwa Mwen nan panse yo, e Mwen va ekri yo nan kè yo. Mwen va Bondye yo, e yo va pèp Mwen.


epi tout lang konfese ke Jésus Kri se Senyè a pou laglwa Bondye Papa a.


Jésus te pale bagay sa yo. Epi ak zye Li leve pou gade vè syèl la, Li te di. “Papa, lè a rive. Bay glwa a pitit Ou, pou pitit Ou kapab bay a Ou menm.


Papa, ke non Ou kapab resevwa glwa!” Yon vwa te sòti nan syèl la: “Mwen te non sèlman bay li glwa a, men Mwen va bay li glwa ankò.”


Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de mal. Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.’


Pou tout sa, priye konsa: “‘Papa nou ki nan syèl la, ke non Ou kapab Sen.


“Nan lè sa a”, deklare SENYÈ a: “Mwen va vin Bondye a tout fanmi Israël yo, e yo va vin pèp Mwen.”


Kite favè SENYÈ a, Bondye nou an, vini sou nou, epi konfime pou nou menm, zèv men nou yo. Wi, konfime zèv men nou yo.


Beni se non laglwa Li jis pou tout tan! Ke tout tè a kapab ranpli ak glwa Li! Amen e amen.


Ke Ou leve wo, O SENYÈ, ak tout fòs Ou! Nou va chante e bay lwanj a pwisans Ou.


alò, koute depi nan syèl la, depi abitasyon Ou a, e fè selon tout sa ke etranje sila a vin mande Ou, jis pou tout pèp sou latè yo kapab konnen non Ou e gen lakrent ou, jan pèp Israël Ou a konn fè a, pou yo kapab rekonèt ke kay sila ke m te bati a rele pa non Ou.


Koulye a, O SENYÈ, kite pawòl ke Ou te pale pa sèvitè Ou a, selon lakay li vin etabli jis pou tout tan an. Fè jan Ou te pale a.


Paske Ou menm, O Bondye mwen, te revele a sèvitè Ou a, ke Ou va bati pou li yon kay. Pou sa, sèvitè Ou a te twouve kouraj pou vin priye devan Ou.


Epi Jérémie te di a Sédécias: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye dèzame yo, Bondye Israël la; ‘Si, anverite, ou va sòti deyò pou vin soumèt a wa Babylone nan; alò, ou va viv, vil sa a p ap brile ak dife e ou menm ak lakay ou va viv.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite