Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Kwonik 17:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 O SENYÈ, nanpwen lòt tankou Ou, ni nanpwen okenn Bondye sof ke Ou, selon tout sa ke nou te tande avèk zòrèy nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

20 Senyè, Bondye mwen, pa gen tankou ou. Pa gen lòt Bondye pase ou menm! Yo te toujou di nou sa.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 17:20
26 Referans Kwoze  

O SENYÈ, pou koz sèvitè ou a, e selon pwòp kè pa Ou, Ou te prepare tout grandè sa a, pou ta fè konnen tout gran afè sila yo.


Epi ki lòt nasyon sou latè ki tankou pèp Ou a, Israël, ke Bondye te ale peye ranson a Li menm yon pèp; pou fè yon non pou Ou pa bagay ki te gran e mèvèye yo, lè Ou te pouse, fè soti tout lòt nasyon yo devan pèp Ou a, ke Ou te rachete, fè soti nan Egypte.


O Bondye, nou te tande avèk zòrèy nou. Zansèt nou yo te pale nou travay ke Ou te fè nan jou pa yo, nan jou ansyen yo.


Nanpwen tankou Ou pami dye yo, O Senyè, ni nanpwen zèv tankou pa Ou yo.


Paske kilès nan syèl la ki konpare ak SENYÈ a? Kilès pami fis a pwisan yo ki tankou SENYÈ a,


O SENYÈ Bondye dèzame yo, se kilès ki tankou Ou, O SENYÈ pwisan an? Anplis, fidelite Ou antoure Ou.


Paske Ou menm se SENYÈ Pi Wo a sou tout latè. Ou leve pi wo anpil pase tout dye yo.


Kilès ki tankou Ou pami dye yo, O SENYÈ? Kilès ki tankou Ou? Kilès ki tankou ou nan majeste ak sentete, etonan nan lwanj, k ap fè mèvèy yo?


Koulye a mwen konnen ke SENYÈ a pi gran ke tout dye yo, akoz jan yo te aji nan ògèy kont pèp la.”


Alò li te reponn: “Demen”. Moïse te di: “Selon mo pa w, pou ou kapab konnen ke nanpwen anyen ki tankou SENYÈ a, Bondye nou an,


Paske fwa sa a, Mwen va voye tout fleyo Mwen yo sou kè ou, avèk sèvitè ou yo, avèk pèp ou a, pou ou kab konnen ke nanpwen lòt tankou Mwen sou tout latè.


A kilès, alò, nou ta konpare Bondye? Oswa avèk ki imaj nou ta fè L sanble?


“Alò, ak kilès ou va konpare Mwen, pou M ta kapab vin egal avè l?” pale Sila Ki Sen an.


“Nou se temwen Mwen,” deklare SENYÈ a, “Ak sèvitè ke M te chwazi; pou nou ka konnen, kwè nan Mwen e konprann ke Mwen se Li menm nan. Avan Mwen, pa t gen lòt Bondye ki te fòme e apre Mwen, p ap gen menm.


Konsa pale SENYÈ a, Wa Israël la, ak Redanmtè li a, SENYÈ dèzame yo: Mwen se premye a e Mwen se dènye a; nanpwen Bondye sof ke Mwen menm.


“Vire kote Mwen pou vin sove, tout pwent latè yo; paske Mwen se Bondye e pa gen lòt.


Mwen se SENYÈ a e pa gen lòt. Apa de Mwen menm, pa gen Bondye. Mwen va fòtifye ou, malgre ou pa t rekonèt Mwen;


Ki te fè men glwa Li a ale akote men dwat Moïse la? Ki te divize dlo yo devan yo pou fè pou pwòp tèt Li yon non ki ta dire pou tout tan?


Koulye a, a Li menm ki kapab fè bokou, bokou plis, de tout sa ke nou mande oubyen panse, selon pouvwa ki travay anndan nou an,


‘O SENYÈ BONDYE, Ou te kòmanse montre sèvitè ou a jan Ou gran ak men pwisan Ou. Paske ki dye ki genyen nan syèl la oswa sou tè a, ki kapab fè kalite zèv sa yo, zèv pwisan tankou pa Ou yo?


Nanpwen lòt ki tankou Bondye Israël la, ki monte sou syèl yo pou rive ede nou, e ki travèse syèl yo nan majeste Li.


A nou menm, li te montre ke nou ta kapab konnen ke SENYÈ a, se Bondye; nanpwen lòt sof ke Li menm.


Pou sa, konnen jodi a e fè sa antre nan kè nou, ke SENYÈ a, Li menm, se Bondye anwo nan syèl la e anba sou tè a; nanpwen lòt.


Nanpwen pèsòn ki sen tankou SENYÈ a. Anverite, nanpwen lòt sof ke Ou menm, ni nanpwen okenn wòch tankou Bondye pa nou an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite