Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Kwonik 16:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Li te chwazi kèk nan Levit yo pou pran chaj sèvis la devan lach SENYÈ a, pou selebre menm e bay remèsiman avèk lwanj a SENYÈ a, Bondye Israël la:

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 David chwazi kèk moun Levi pou reskonsab sèvis y'ap fè devan Bwat Kontra a pou Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou adore l, pou di l mèsi, pou fè lwanj li.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 16:4
25 Referans Kwoze  

Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, pou tout tan jis pou tout tan. Kite tout pèp la di: “Amen.” Louwe SENYÈ a!


Sonje mèvèy ke Li te fè yo, mirak Li yo avèk jijman ke bouch Li te pale yo.


Beni SENYÈ a, O nanm mwen, e pa janm bliye benefis Li yo,


Beni se SENYÈ Bondye a, Bondye Israël la! Li sèl ki fè mèvèy!


O Bondye, fè vit pou delivre mwen. O SENYÈ, fè vit pou ban m sekou!


Pa twouble tèt ou akoz mechan yo. Pa vin pote lanvi pou malfektè yo.


David, avèk Tsadok, fis a Éléazar yo ak Achimélec a desandan a Ithamar yo, te divize yo selon fonksyon yo nan sèvis pa yo.


O bay remèsiman a SENYÈ a. Rele non Li. Fè zèv li yo rekonèt pami pèp yo.


Epi David te pale avèk chèf Levit yo, pou dispoze fanmi pa yo, chantè yo, avèk lenstriman mizik yo, ap yo, gita yo, senbal ki sonnen fò yo, pou fè leve kri lajwa yo.


Li te di: “Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te pale avèk bouch li a papa m David, e ki te akonpli sa avèk men l, e ki te di:


Alò, la li te monte yon lotèl, e li te rele li El-Elohé-Israël.


Li te di: “Yo p ap rele ou Jacob ankò, men Israël; paske ou te lite avèk Bondye, e avèk lòm, epi ou te reyisi.”


“Mwen va etabli akò Mwen antre Mwen ak ou, e desandan ou yo selon tout jenerasyon pa yo kòm yon akò k ap pou tout tan, pou M rete kòm Bondye pou ou ak desandan apre ou yo.


Alò, sila yo se sila ke David te chwazi nan sèvis chante lakay SENYÈ a, lè lach la te fin poze la.


Li te separe bay a chak moun Israël, ni gason, ni fanm, yo chak yon pen avèk yon pòsyon vyann ak yon gato rezen.


Asaph, chèf la e dezyèm apre li a, Zacharie, swiv pa Jeïel, Schemiramoth, Jehiel, Matthithia, Éliab, Benaja, Obed-Édom ak Jeïel avèk lenstriman mizik yo, ap yo, gita yo; epi Asaph sou senbal gwo bwi yo,


Anplis, David avèk kòmandan lame yo te mete apa pou sèvis kèk nan fis a Asaph yo, Héman ak Jeduthun pou pwofetize avèk gita yo, ap ak senbal; epi fòs kantite moun ki te fè sèvis pa yo se te:


ansanm lè mesye twonpèt yo avèk chantè yo te gen pou fè son yo tande ansanm tankou yon sèl vwa pou lwanj avèk glwa SENYÈ a, lè yo te leve vwa yo akonpanye patwonpèt avèk senbal ak enstriman mizik yo, lè yo te louwe SENYÈ a e te di: “Paske Li bon, lanmou dous Li a dire pou tout tan!” Konsa, lakay SENYÈ a te ranpli avèk yon nwaj,


Alò, lè ouvriye yo te fin poze fondasyon tanp SENYÈ a, prèt yo te kanpe ak vètman pa yo avèk twonpèt yo, e Levit yo, fis a Asaph yo, avèk senbal yo, pou louwe SENYÈ a selon enstriksyon a Wa David de Israël la.


Chèf an tèt a Levit yo te Haschabia, Schérébia e Josué, fis a Kadmiel la, avèk frè pa yo anfas yo, pou bay lwanj avèk remèsiman, jan sa te preskri pa David, nonm Bondye a, divizyon ki te koresponn ak divizyon.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite