Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Kwonik 16:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Bay glwa a sen non Li. Kite kè a sila k ap chache SENYÈ a vin ranpli ak jwa.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Fè kè nou kontan, paske nou se moun pa l. Wi, se pou tout moun k'ap sèvi Senyè a fè fèt.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 16:10
16 Referans Kwoze  

Mwen renmen sila ki renmen m yo. Sila ki chache mwen ak dilijans yo va jwenn mwen.


Nanm mwen va fè glwa li nan SENYÈ a. Enb yo va tande l, e yo va rejwi.


Nou va chache Mwen e nou va jwenn Mwen lè nou chache M ak tout kè nou.


Nan SENYÈ a, tout desandan Israël yo va vin jistifye e va rejwi!


Mwen pa t pale an sekrè, nan yon peyi fènwa. Mwen pa t di a desandan Jacob yo, ‘Chache M anven.’ Mwen, SENYÈ a, pale ladwati. Mwen deklare sa ki dwat.”


“Epi pou ou menm, fis mwen an, Salomon, fè konesans a Bondye papa ou a e sèvi li avèk tout kè ou e avèk bòn volonte; paske SENYÈ a chache nan tout kè yo e byen konprann entansyon a tout panse yo. Si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va rejte ou jis pou tout tan.


Chante a Li menm. Chante lwanj a Li menm. Pale tout mèvèy Li yo.


Chache SENYÈ a avèk fòs Li. Chache figi Li san rete.


Alò, bay kè nou avèk nanm nou pou chache SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, leve pou bati sanktiyè SENYÈ a, Bondye a, pou nou kapab pote lach akò SENYÈ a avèk veso sakre Bondye yo antre nan kay ki va bati pou non a SENYÈ a.”


Tout Juda te rejwi akoz sèman an, paske yo te sèmante avèk tout kè yo. Yo te chache Li ak kè onèt yo, e Li te kite yo jwenn Li. Konsa, SENYÈ a te ba yo repo tout kote.


Tout ekstremite tè a nèt va sonje. Yo va vire bò kote SENYÈ a. Konsa, tout fanmi nan nasyon yo va adore devan Ou.


O leve SENYÈ a byen wo avè m. Annou leve non L wo ansanm.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite