Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Kwonik 15:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Fis Levit yo te pote lach Bondye a sou zepòl pa yo avèk poto ki tache ladann, kon Moïse te kòmande yo pa pawòl SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Yo mete Bwat la sou gwo travès long yo, yo leve l mete l sou zepòl yo, yo pote l ale jan Moyiz te ba yo lòd fè l la dapre pawòl Senyè a.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 15:15
12 Referans Kwoze  

Alò, yo te pale a wa David, e te di: “SENYÈ a te beni lakay Obed-Édom avèk tout sa ki pou li akoz lach Bondye a.” Konsa, David te ale monte lach Bondye a soti lakay Obed-Édom pou antre nan vil David la avèk kè kontan.


Lè pòtè lach SENYÈ a yo te fin fè sis pa, li te fè sakrifis a yon bèf kabwèt avèk yon jenn bèf gra.


Men poto yo te tèlman long ke pwent poto yo te vizib sèlman soti nan lye sen an devan sanktyè enteryè a. Men yo pa t kab wè pa deyò; epi yo la jis rive jodi a.


Lakòlè SENYÈ a te brile kont Uzza e Li te frape li akoz li te lonje men l vè lach la; epi li te mouri la devan Bondye.


Poto yo te tèlman long ke pwent poto a lach yo te vizib devan sanktyè enteryè a, men yo pa t kab wè pa deyò. Epi yo toujou la jis rive jodi a.


Konsa, li te pran temwayaj la pou fè l antre nan lach la. Li te tache poto yo nan lach la, e li te mete chèz pwopyatwa a sou lach la.


Lè Aaron avèk fis li yo fin kouvri bagay sen yo avèk tout sa ki founi sanktyè yo, lè kan an prèt pou sòti, apre sa, fis Kehath yo va vini pou pote yo; men fòk yo pa touche bagay sen yo pou yo pa mouri. Sa yo se bagay nan Tant Asanble a ke fis Kehath yo va pote.


Men li pa t bay a fis Kehath yo akoz sèvis pa yo se te sèvis bagay sen ke yo te pote sou zepòl yo.


Nan moman sa a, SENYÈ a te mete apa tribi Lévi a pou pote lach akò SENYÈ a, pou kanpe devan Li, pou sèvi Li e pou beni nan non Li jiska jodi a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite