Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Kwonik 14:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 David te fè menm sa ke Bondye te kòmande li. Yo te frape desann lame Filisten yo soti Gabaon jis rive menm nan Guézer.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 David fè sa Senyè a te mande l fè a. Yo bat lame moun Filisti yo, yo kouri dèyè yo depi lavil Geba rive lavil Gezè.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 14:16
12 Referans Kwoze  

Konsa Noé te fè l. Selon tout sa ke Bondye te kòmande li, se konsa li te fè l.


Alò, David te fè konsa, jis jan ke SENYÈ a te kòmande li a, e li te bat Filisten yo soti Guéba, pou jis rive Guézer.


Li va vin rive ke lè ou tande son mache a nan tèt pye balzam yo, alò, ou va sòti nan batay la; paske Bondye va gen tan sòti devan ou pou frape lame Filisten yo.”


Rekonesans a David te sòti rive nan tout peyi yo, epi SENYÈ a te mennen lakrent li sou tout nasyon yo.


Alò li te vin rive apre sa ke lagè te vin pete nan Guézer avèk Filisten yo. Konsa, Sibbecaï, Oushatit la, te touye Sippaï, youn nan desandan a jeyan yo, e yo te vin soumèt yo.


Yo te bay yo vil azil yo kon swivan: Sichem avèk patiraj li nan peyi ti mòn Éphraïm yo avèk patiraj pa li; anplis, Gezer avèk patiraj li yo,


Paske SENYÈ a va leve tankou nan Mòn Peratsim. Li va fache tankou nan vale Gabaon, pou fè tach Li, tach ki pa sanblab ak lòt, e pou egzekite travay Li, travay ekstrawòdinè Li.


Si nou konnen bagay sa yo, nou beni si nou fè yo.


“Nou se zanmi Mwen si nou fè sa ke Mwen kòmande nou.


Manman li te di sèvitè yo: “Nenpòt sa Li mande nou, fè l.”


Men yo pa t chase fè sòti Kananeyen ki te rete Guézer yo; epi pou sa, Kananeyen yo rete pami Éphraïm jis jodi a. Konsa, yo te vin ouvriye yo nan travay fòse.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite