Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Kwonik 11:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Epi tout Israël te reyini kote David nan Hébron. Yo te di: “Gade byen, nou se zo ou ak chè ou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Tout branch fanmi Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon, yo di l konsa: — Nou se moun menm ras, menm fanmi avè ou.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 11:1
11 Referans Kwoze  

Jou ke David te renye sou Israël yo te karant ane. Sèt ane, li te renye Hébron e trann-twa ane, li te renye Jérusalem.


Men Absalom te voye espyon toupatou pami tout tribi Israël yo. Li te di: “Depi ou tande son a twonpèt la, alò, ou va di: ‘Absalom se wa nan Hébron.’”


“Pale koulye a, pou tout chèf Sichem yo tande: ‘Kisa k ap pi bon pou nou, ke swasann-dis lòm, tout fis a Jerubbaal yo vin renye sou nou, oswa ke yon sèl moun renye sou nou?’ Anplis, sonje byen ke mwen se zo nou ak chè nou.”


Nou va, anverite, mete yon wa ke SENYÈ a chwazi sou nou, youn ki soti nan sitwayen parèy nou yo, nou va mete l kòm wa sou nou. “Nou pa kapab mete yon etranje sou nou menm, ki pa sitwayen parèy nou.


Laban te di li: “Anverite, ou se zo mwen avèk chè mwen.” Konsa, li te rete avèk li pandan yon mwa.


Paske nou se manm a kò Li.


Lè yo te fin monte Negev, yo te rive Hébron kote Ahiman, Schéschaï ak Talmaï, desandan a Anak yo te ye a. (Alò, Hébron te bati sèt ane avan Tsoan an Égypte.)


Alò, li te vin rive apre, ke David te fè demand a SENYÈ a, e te di: “Èske Mwen dwe monte nan youn nan vil Juda yo?” Epi SENYÈ a te di li: “Monte!” Konsa David te di: “Se kibò pou m ta monte?” Epi Li te di: “Nan Hébron.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite