Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Kwonik 1:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

32 Fis a Ketura yo, ti mennaj a Abraham nan. Li te bay nesans a Zimran, Jokschan, Medan, Madain, Jischbak ak Schuach. —Fis a Jokschan yo: Séba avèk Dedan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

32 Abraram te gen yon lòt fanm kay ki te rele Ketoura. Ketoura sa a fè sis pitit gason pou li. Men non yo: Zimran, Joksan, Medan, Madyan, Jisbak ak Swak. Joksan te gen de pitit gason. Se te Seba ak Dedan.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 1:32
19 Referans Kwoze  

“‘“Dedan te fè komès ak ou nan sèl pou monte cheval.”


akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va osi lonje men M kont Édom e koupe retire nèt ni lòm ni bèt sou li. Mwen va fè dega ladann nèt. Soti nan Théman, jis rive nan Dedan, yo va tonbe pa nepe.


Chape poul ou, retounen, rete nan pwofondè yo, O sila ki rete Dedan yo! Paske Mwen va mennen dezas Ésaü a sou li nan lè M ap pini li a.


Dedan ak Théma, ak Buz e tout sila ki koupe kwen cheve yo;


Anpil chamo va kouvri ou, jenn chamo a Madian ak Épha yo. Tout sila soti Séba yo va vini. Yo va pote lò ak lansan, e yo va pote bòn nouvèl a, lwanj a SENYÈ a.


Pwofesi konsènan Arabie a. Fòk nou pase nwit lan nan rakbwa pikan Arabie yo, O karavàn a Dedan yo.


Konsa, li va viv, e lò a Séba va bay a li menm. Moun va priye pou li san rete. Yo va beni li tout lajounen.


Wa a Tarsis yo avèk lil yo va pote kado. Wa a Séba avèk Saba yo ap ofri kado.


Karavàn Théma yo te vin veye; vwayajè Séba yo te gen espwa yo.


Alò, lè rèn Séba a te tande koze a repitasyon Salomon pa non SENYÈ a, li te vini pou pase l a leprèv avèk kesyon difisil.


Pran vanjans konplè pou fis Israël yo kont Madyanit yo. Apre, ou va rasanble anvè pèp ou a.


Alò, vwala, youn nan fis Israël yo te vini pou te mennen bay a fanmi li yo yon fanm Madyanit, devan zye Moïse e devan zye a tout kongregasyon fis Israël yo, pandan yo tout t ap kriye devan pòtay tant asanble a.


Alò, kèk nan machann Madyanit yo te pase, epi frè l yo te rale li soti nan fòs la e te vann li bay Izmayelit yo pou ven sik lajan. Konsa yo te mennen Joseph antre an Égypte.


Jethur, Naphisch ak Kedma: sila yo se te fis a Ismaël.


Fis a Madian yo: Épha, Épher, Hénoc, Abida avèk Eldaa—Tout sila yo se te fis a Ketura.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite