Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Korent 9:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Si nou te simen bagay ki apatyen a Lespri ki nan nou an, èske se twòp si nou rekòlte bagay materyèl ki soti nan nou yo?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Nou simen grenn ki sòti nan Lespri Bondye a nan kè nou. Eske se yon zafè sa ta ye si nou rekòlte nan byen materyèl nou yo?

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Si nou te plante yon semans espirityèl lakay ou, nou gen dwa rekòlte yon ti pati nan byen materyèl ou, pa vre?

Gade chapit la Kopi




1 Korent 9:11
8 Referans Kwoze  

Wi, yo te kontan fè sa, e yo dwe yo. Paske si pèp etranje yo gen tan pataje bagay ki soti nan Lespri Bondye a, yo dwe remèt sèvis a yo tou ak bagay materyèl.


Sila k ap aprann pawòl la dwe pataje tout bon bagay avèk sila ki enstwi l la.


Konsa, se pa yon sipriz si sèvitè li yo degize tèt yo tankou sèvitè ladwati Bondye yo, ki va tèmine menm jan kon pwòp zèv pa yo.


Ni yon sak pou vwayaj nou, pa menm de chemiz, ni sapat, ni baton; paske yon ouvriye merite soutyen li.


Alò, sèvitè li yo te pwoche; yo te pale avèk li e te di: “Papa mwen, si pwofèt la te di ou pou fè yon gwo bagay, èske ou pa t ap fè l. Konbyen, anplis, lè li di ou ‘Lave ou pou vin pwòp?’”


Menm jan an tou Senyè a te dirije sila ki pwokame levanjil yo pou twouve mwayen lavi yo nan levanjil la.


Se pa ke m chache don an pou kont li, men mwen chache pwofi ki ogmante pou kont pa nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite