Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Korent 9:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Oswa èske l ap pale espre pou nou? Wi, se pou enterè nou sa te ekri a, paske moun ki laboure tè a dwe laboure avèk espwa, e sila k ap bat rekòlt la dwe bat li avèk espwa ke l ap pataje nan rekòlt la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Nou pa kwè se pou nou l'ap pale pito? Men wi. Se pou nou pawòl la te ekri. Se pou moun k'ap bat tè a fè travay la ak espwa y'ap ba li pa l nan rekòt la. Se menm jan an tou pou moun k'ap bat pwa a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Se ak nou menm menm li t ap panse. Se nan enterè nou pawòl sa yo te ekri. Swa moun k ap plante a, swa moun k ap rekòlte a, yo toulède gen dwa met espwa yo sou yon ti pati nan rekòt la.

Gade chapit la Kopi




1 Korent 9:10
9 Referans Kwoze  

Kiltivatè ki travay di a ta dwe premyè pou resevwa pòsyon pa l nan rekòlt la.


Paske tout bagay ki te ekri nan tan pase yo te ekri pou enstwi nou menm; pouke selon pèseverans ak ankourajman Ekriti yo, nou ta kapab vin genyen lespwa.


Paske tout bagay se pou koz a nou menm, pouke lagras k ap gaye a de plizanplis moun nan kapab koz anpil remèsiman pou laglwa Bondye.


Paske nou se ouvriye parèy avèk Bondye. Nou menm se chan Bondye a, kay la ke L ap bati a.


Konsa, si jou sa yo pa t rakousi, pa t ap gen vi ki t ap sove. Men pou lakoz a sila ki chwazi yo, y ap rakousi.


Nou gen dwa manje l nenpòt kote, nou menm avèk lakay nou, paske se pèyman nou an echanj pou sèvis nou nan tant asanble a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite