1 Korent 7:34 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen34 Konsa, enterè li divize. Fanm ki pa marye a ak vyèj la, sousye de zafè a Senyè a, pou li kapab sen ni nan kò, ni nan lespri; men sila ki marye a sousye de zafè a mond lan, de jan li kapab fè mari li plezi. Gade chapit la1998 Haïtienne34 Lè sa a, li vin gen de okipasyon. Konsa tou, yon fanm ki san mari, osinon yon jenn fi ki pa marye, se zafè Senyè a sèlman y'ap okipe paske yo vle mete tout kò yo, tout nanm yo apa pou li. Men sa ki marye yo ap okipe zafè lemonn tou, paske y'ap chache fè mari yo plezi. Gade chapit laNouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil34 Konsa atansyon l divize an de. Menm jan an tou yon dam ki pa marye oubyen yon demwazèl ki pa t janm marye, sèl sousi li se travay Senyè a. Li mete kò ak lespri l toutantye nan sèvis Senyè a. Men yon dam marye gen anpil sousi pou bagay nan mond sa a, paske l ap chache wè kijan pou l fè mari l plezi. Gade chapit la |