Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Korent 5:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Nan non Senyè nou an Jésus Kri, lè nou vin rasanble, e mwen menm avèk nou nan lespri avèk pouvwa Senyè nou an Jésus,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Lè n'a reyini ansanm, m'a la tou avèk nou nan lespri, pa pouvwa Jezikri, Senyè nou an.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Fè menm bagay avè m. Reyini nan non Jezi Senyè nou an. M ap reyini avèk nou tou an espri. Epi, sèvi ak puisans Jezi Senyè nou an.

Gade chapit la Kopi




1 Korent 5:4
18 Referans Kwoze  

M ap bay ou kle wayòm syèl la; nenpòt sa ou mare sou latè, ap mare nan syèl la; e nenpòt sa ou demare sou latè, ap demare nan syèl la.”


Paske kote de oubyen twa reyini ansanm nan non Mwen, Mwen la nan mitan yo.”


Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè.


Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen de laj.”


“Si nou padonnen peche a nenpòt moun, peche yo ap gen tan padonnen. E si nou kenbe peche a nenpòt moun, y ap kenbe.”


Li te kontinye ap fè sa pandan anpil jou. Men Paul te vrèman enève. Li te vire e te di a Lespri a: “Mwen kòmande ou nan non Jésus Kri a pou sòti nan li!” E lespri a te sòti de li nan menm moman an.


Men Pierre te di: “Nou pa gen lajan, ni lò, men sa ke mwen genyen an, m ap bay ou li. Nan non Jésus Kri de Nazarèt, mache!”


pandan W ap lonje men Ou pou fè gerizon sign ak mirak yo k ap fèt nan non a sèvitè Sen Ou an, Jésus.”


Pou rezon sa a, mwen ap ekri bagay sa yo pandan mwen pa la a, jis pou lè m la, mwen p ap bezwen itilize severite mwen, selon otorite ke Senyè a te ban mwen pou bati e pa pou detwi.


Paske se konsa nou ap chache prèv a Kris ki pale nan mwen an, e ki pa fèb anvè nou an, men byen pwisan nan nou.


Sifi pou yon moun konsa se pinisyon ki te enpoze pa majorite a.


Toujou bay remèsiman a Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm,


Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.


Alò, nou kòmande nou, frè yo, nan non Senyè nou an, Jésus Kris, pou nou rete lwen de tout frè ki mennen yon vi san prensip e ki pa an akò avèk tradisyon ke nou te resevwa de nou menm yo.


Yo te vin kote fis Ruben yo, kote fis Gad yo ak kote mwatye tribi Manassé a, nan peyi Galaad la. Yo te pale avèk yo e te di:


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite