Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Korent 4:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Alò, frè m yo, mwen te sèvi tout sa konsènan mwen menm ak Apollos kòm yon egzanp pou koz a nou menm. Selon sa mwen te di, mwen vle ou konprann ke nou pa pou ale pi lwen de sa ki nan ekriti sen yo, pou okenn nan nou pa vin ògeye anvè youn e kont yon lòt.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Frè m yo, nan tout bagay sa yo, si m pran egzanp sou mwen ak Apòlòs, se te pou byen nou. Mwen ta vle nou pran egzanp sou nou pou n ta ka konprann sans pawòl la ki di: Rete nan limit yo ban nou an. Piga pèsonn pran pati pou yon moun kont yon lòt.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Frè m ak sè m yo, mwen pran egzanp sou mwen ak Apolòs pou nou ka byen pran sans pwovèb la ki di: “Pa mete pase genyen sou sa Bib la di.” Lè kon sa nou p ap kite lògèy anvayi nou pou n ap pran pati pou yon nonm kont yon lòt.

Gade chapit la Kopi




1 Korent 4:6
35 Referans Kwoze  

Pa mete konfyans nan prens yo. Nan lòm mòtèl, nan sila nanpwen Sali a.


Kisa lòm nan ye, pou Ou reflechi sou li? Oswa fis a lòm nan, pou Ou pran swen li?


Sispann mete konfyans nan lòm; souf vi li se sèl nan nen l. Kisa li vo?


Alò, yon sèten Jwif ki te rele Apollos, ki te ne nan Alexandrie, yon nonm ki te konn pale byen, e ki te fò nan Ekriti Sen yo te vini Éphèse.


Li te rive pandan ke Apollos te Corinthe, Paul te travèse peyi pi wo a e te vini Éphèse pou twouve kèk disip.


Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa.


Alò, men kisa m ap di. Nou chak ap di: “Mwen se moun Paul”, “Mwen se moun Apollos”, “Mwen se moun Céphas”, e “Mwen se moun Kris la”.


Paske sa ekri: “Mwen va detwi sajès a saj yo, e entèlijans moun save yo, mwen va mete sou kote.”


Konsa, jan sa ekri a: “Kite sila ki vante tèt li a, vante tèt li nan SENYÈ a.”


Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan.


Paske sajès mond sa a se foli devan Bondye. Paske sa ekri: “Se Li menm ki kenbe saj yo nan pwòp koken pa yo.”


Donk, pa kite pèsòn vante tèt li pou moun. Paske tout bagay se pou nou menm,


Nou vin awogan, olye nou kriye anpil pou sila ki te fè zak sila a pou l ta kapab vin retire nan mitan nou.


Vante tèt nou an pa bon. Èske nou pa konnen ke yon ti kras ledven fè tout boul pen an leve?


Alò, konsènan bagay ki te bay kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke nou tout gen konesans. Konesans fè moun awogan, men lanmou bay bon konprann.


Mwen fè tout bagay pou koz a levanjil la, pou m kapab vin gen dwa patisipe ladann.


Paske nou p ap tante sèvi kouraj nou pou konpare oswa klase nou menm avèk kèk nan sila ki rekòmande tèt yo. Men lè yo mezire tèt yo ak yo menm e konpare tèt yo avèk yo menm, yo san konprann.


Nou p ap vante tèt nou depase mezi pa nou, kòmsi, nan zèv a lòt moun, men avèk espwa ke pandan lafwa nou ap grandi, nou va, nan mezi nou, agrandi menm plis akoz nou menm.


Nou menm ap gade bagay yo kòmsi, pa deyò. Si nenpòt moun gen konfyans nan tèt li ke li pou Kris, kite li konsidere sa ankò nan lespri li, ke menm jan li nan Kris la nou menm osi, nou nan Li.


Paske si yon moun vini pou preche yon lòt Jésus, ke nou menm pa t preche, oswa nou resevwa yon lòt lespri ke nou pa t resevwa, oswa yon lòt levanjil ke nou pa t aksepte, nou ase tolere sa.


Èske ou kwè ke n ap sèlman fè eskiz pwòp tèt nou devan nou menm. Anverite se te devan zye Bondye ke nou pale an Kris la. Men nou fè tout sa pou edifikasyon nou, byeneme yo.


Paske mwen pè ke petèt lè m vin kote nou, pou mwen pa twouve nou jan mwen swete l la, e pou nou pa jwenn mwen jan nou swete l la; pou petèt kapab genyen kont, jalouzi move jan, dispit, kout lang tripotay, awogans, ak tapaj.


Paske si mwen vle vante tèt mwen, mwen p ap fè foli; paske se verite m ap pale. Men m ap sispann fè sa pou pèsòn pa fè mwen kredi pou plis ke sa li wè nan mwen oubyen tande de mwen.


Paske tout bagay se pou koz a nou menm, pouke lagras k ap gaye a de plizanplis moun nan kapab koz anpil remèsiman pou laglwa Bondye.


Pa kite pèsòn kontinye prive nou de prim nou an pa riz fo imilite ak adorasyon zanj yo, ki baze pozisyon li sou vizyon yo li te fè, ki anfle san rezon ak ògèy pa panse chanèl li,


Ke levanjil pa nou an pa t vini a nou menm nan pawòl sèlman, men osi nan pouvwa ak nan Lespri Sen an. Li te vini avèk tout asirans, jis jan ou konnen ki kalite moun nou te ye pami nou an, pou koz a nou.


Pou rezon sa a, mwen andire tout bagay, pou koz a sila ki te chwazi yo, pou yo kapab osi vin jwenn sali ki nan Kris Jésus a e avèk li, laglwa etènèl.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite