Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Korent 4:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Mwen pa konsyan de anyen kont tèt mwen. Men se pa sa ki fè m inosan, men ke sila ki jije mwen an se Senyè a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Konsyans mwen pa repwoche m anyen, se vre. Men, sa pa vle di mwen inonsan pou sa. Se Senyè a ki sèl jij mwen.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Konsyans mwen klè, menmsi sa pa vle di m inosan pou sa. Se Senyè li menm k ap fè jijman an.

Gade chapit la Kopi




1 Korent 4:4
24 Referans Kwoze  

Kisa lòm nan ye pou li ta kab san tach, oswa sila ki fèt de fanm nan pou ta kab dwat?


Konsa, se kijan yon nonm kapab dwat devan Bondye? Oswa, kijan sila ki te fèt de fanm nan kapab vin pwòp?


Mwen kenbe fèm a ladwati mwen. Mwen p ap lage l menm. Kè m pa repwoche m depi gen lavi ladan m.


“Anverite, mwen pa anyen; ki repons mwen kab bay Ou? Mwen poze men m sou bouch mwen.


Malgre mwen dwat, bouch mwen ap kondane m; malgre mwen san tò, Li va deklare m koupab.


Si Ou menm, SENYÈ, ta sonje inikite yo, O SENYÈ, se kilès ki ta kab kanpe?


Konsa, pa antre nan jijman avèk sèvitè Ou a, paske nan zye Ou, nanpwen moun vivan ki jis.


Se kilès ki kab rekonèt fot li? Padone mwen pou fot ke m pa konnen yo.


Pye m kanpe sou yon plas byen plat. Nan asanble a, mwen va beni SENYÈ a.


Epi syèl yo deklare ladwati Li, paske Bondye, Li menm, se Jij. Tan


Chemen a yon moun bon nan pwòp zye li; men SENYÈ a peze kè yo.


Gen anpil moun k ap chache favè a sila ki gouvène a; men lajistis pou lòm va sòti nan SENYÈ a.


Li te di li yon twazyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?” Pierre te vin tris akoz ke Li di li yon twazyèm fwa: “Èske ou renmen M?” E li te di Li: “Senyè, Ou konnen tout bagay. Ou konnen ke Mwen renmen Ou.” Jésus te di Li: “Okipe mouton Mwen yo.


Paul te gade konsèy la avèk atansyon, e te di: “Frè yo mwen viv lavi m avèk yon trè bon konsyans devan Bondye jiska jodi a.”


Paske se pa sila ki tande Lalwa a ki jis devan Bondye, men se sila ki obeyi Lalwa a ki jistifye.


Paske si Abraham te jistifye pa zèv, li gen yon bagay pou vante tèt li, men pa devan Bondye.


Men pou mwen se yon ti bagay tou piti pou mwen ta kab jije pa nou menm, oswa nenpòt lòt tribinal moun. Anverite, mwen pa menm jije pwòp tèt mwen.


Pou sa pa kontinye jije avan lè, men tann jiskaske Senyè a vini pou Li kapab nan menm tan eklere nan limyè bagay ki kache nan tenèb yo, e devwale tout motif ki nan kè lèzòm. Konsa, lwanj chak moun resevwa va sòti nan Bondye.


Paske konfyans fyète nou an se sa; temwayaj konsyans nou, ke nan sentete avèk senserite anvè Bondye, pa nan sajès lachè men nan gras Bondye a, nou kondwi tèt nou nan mond lan, e sitou vè nou menm.


Paske nou tout dwe parèt devan chèz jijman a Kris la, pou chak moun kapab rekonpanse pou zèv li nan kò a, selon sa li te fè, kit byen kit mal.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite