Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Korent 2:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Lè m te vin kote nou, frè m yo, mwen pa t vini avèk yon wotè langaj oubyen sajès pou pwokame a nou temwayaj Bondye a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Frè m yo, lè mwen te al lakay nou, se pat avèk gwo diskou ni bèl pawòl mwen te fè nou konnen plan travay Bondye ki te kache a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Frè m ak sè m, lè m te pase vizite nou, pou m te ka fè nou konnen tout mesaj sekrè Bondye te revele bay kèk moun, mwen pa t sèvi ni ak mo konplike, ni ak pawòl save.

Gade chapit la Kopi




1 Korent 2:1
23 Referans Kwoze  

Paske Kris pa t voye m pou batize, men pou preche bòn nouvèl la pa avèk bèl pawòl moun save yo, pou ke kwa Kris la pa ta vin anile.


Sou bagay sa yo nou pa pale ak pawòl sajès de moun ki soti nan lòm, men pito ak pawòl Lespri Sen an, ki konpare bagay lespri yo ak bagay lespri yo.


Epi mesaj mwen avèk predikasyon mwen pa t fèt avèk pawòl sajès pou fè moun kwè, men nan demonstrasyon Lespri a ak pouvwa a,


Konsa pa fè wont de temwayaj Senyè nou an, ni mwen menm nan, prizonye Li a, men vin jwenn ansanm avè m nan soufrans pou levanjil la selon pouvwa Bondye a,


Paske moun konsa se esklav yo ye, pa a Senyè nou an, Kris la, men a pwòp apeti pa yo. Ak pawòl ki dous e flatè, yo desi kè a inosan yo.


Moïse te di a SENYÈ a: “Souple, SENYÈ, mwen pa t janm yon moun ki fò nan pale, ni nan tan sa a, ni nan tan pase, ni depi Ou te pale a Sèvitè ou a, paske mwen lan nan pale, e mwen lan nan langaj.”


Men menmsi mwen manke abil nan pale, deja mwen pa konsa nan konesans. Anfèt, nan tout aspè, sa te deja fèt klè de nou tout, nan tout bagay.


ki te temwaye pawòl Bondye a, ak temwayaj Jésus Kri a, menm a tout sa li te wè yo.


Konsa, nou gen tan wè epi fè temwen ke Papa a te voye Fis la kòm Sovè lemonn an.


Lè Li vini pou L kapab glorifye nan sen Li yo nan jou sa a, e pou L kapab admire pami tout moun ki kwè yo—paske nou te kwè temwayaj pa nou a.


menm pandan temwayaj konsènan Kris la te konfime nan nou,


Epi mwen te wè Li t ap di mwen: ‘Fè vit! Sòti Jérusalem vit, paske yo p ap aksepte temwayaj ou de Mwen menm.’


Se Konsa mwen t ap temwaye seryezman e konplètman a Jwif yo e a Grèk yo, de repantans anvè Bondye, ak lafwa nan Senyè nou an, Jésus Kri.


Vire kote lalwa ak akò la! Si yo pa pale selon pawòl sa a, se akoz ke yo pa gen granmaten k ap vini.


Answit, mwen te tonbe nan pye li pou adore li. Men li te di mwen: “Pa fè sa! Mwen se yon sèvitè parèy ak ou, e frè ou ki kenbe temwayaj a Jésus a. Adore Bondye, paske temwayaj a Jésus a se lespri pwofesi a.”


Mwen, Jean, frè nou, ki patisipe avèk nou nan tribilasyon, wayòm, ak pèseverans ki nan Jésus a, te sou lil ki rele Patmos la, akoz pawòl a Bondye ak temwayaj de Jésus a.


selon levanjil laglwa Bondye ki beni an, li menm ke yo te konfye m nan.


Paske, yo di: “Lèt li yo lou e dyanm, men prezans pèsonèl li pa enpresyonan ditou, e jan li pale vrèman meprizab.”


Koulye a, a Sila ki kapab etabli nou selon bòn nouvèl mwen an ak predikasyon a Jésus Kri a, atravè revelasyon a mistè a ke li te kenbe an sekrè pandan tout tan pase yo,


Men nou pale sajès Bondye nan yon mistè, sajès kache ke Bondye te planifye menm avan tan yo pou laglwa nou;


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite