Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Korent 16:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Petèt mwen va rete avèk nou, oswa menm pase sezon livè a, pou nou kapab voye m ale nenpòt kote ke m ta kab ale.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Mwen ka rete pase kèk jou lakay nou. Mwen ka menm pase tout sezon fredi a avè nou. Apre sa, n'a ka ede m ale kote m'a gen pou mwen ale a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Mwen ka byen rete pou yon ti tan. Li menm posib mwen ka menm pase tout livè avèk nou. Apre sa nou va ban m mwayen pou m kontinye wout mwen, nenpòt kote m prale.

Gade chapit la Kopi




1 Korent 16:6
11 Referans Kwoze  

Konsa voye pa legliz la, yo t ap travèse Phénicie ak Samarie, e t ap bay an detay istwa konvèsyon pèp etranje yo. Sa te fè kè a tout frè yo kontan anpil.


nenpòt lè mwen ale Espagne, mwen espere wè nou pandan m ap pase. Konsa nou kapab ede m fin rive la apre mwen fin rejwi de prezans nou pandan kèk tan.


Lè mwen voye Artémas oswa Tychique kote ou fè tout efò pou vini kote mwen nan Nicopolis, paske mwen deside pase sezon livè a la.


Sa vle di, pou pase kote nou nan antre Macédoine, e osi nan soti Macédoine pou m vin kote nou, pou nou ta kapab ede m nan vwayaj mwen pou rive Judée.


Donk, pa kite pèsòn meprize li. Men voye l al fè wout li anpè, pou li kapab vin jwenn mwen; paske m ap tann li avèk frè yo.


Nan fen twa mwa yo nou te pran vwal sou yon bato Alexandryen ki osi te pase sezon livè a nan lil la. Li te gen Frè Jimo yo kon òneman devan an kòm tèt bato a.


Akoz pò a pa t bon pou pase sezon livè a, majorite a te rive a yon desizyon pou retounen sou lanmè a pou wè si yo ta kab rive Phoenix, yon pò nan Crète, anfas sidwès ak nòdwès pou pase sezon livè a la.


Lè l rive ke jou nou yo pou rete la te fini, nou te pati fè wout nou, pandan yo menm avèk madanm ak timoun yo te akonpanye nou jiskaske nou te kite vil la. Apre nou te mete nou ajenou bòdmè a pou fè lapriyè, nou te di orevwa a youn lòt.


Yo te ranpli ak gwo lapèn, sitou sou pawòl li te pale a, ke yo pa t ap wè fas li ankò. Konsa yo te akonpanye li rive nan bato a.


Alò, sila ki t ap gide Paul yo te mennen li jiska Athènes. Yo te kite li la, epi lè yo fin resevwa lòd pou fè Silas ak Timothée vin kote l pi vit ke posib, yo te ale.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite