Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




1 Korent 16:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Alò, si Timothée vini, fè si ke li avèk nou san koz pou pè; paske l ap fè travay a Bondye a, menm jan mwen ap fè l la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Si Timote rive bò kote nou ye a, n'a fè yon jan pou l santi l lakay li nan mitan nou, paske se menm jan avè mwen li travay pou Senyè a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Nenpòt lè Timote vin lakay nou, fè sa nou kapab pou nou mete l alèz. Menm jan avè m, li se yon moun ki angaje l nan travay Senyè a.

Gade chapit la Kopi




1 Korent 16:10
11 Referans Kwoze  

Pou sa, byeneme frè m yo, rete fidèl, san varye, toujou ranpli avèk bon zèv Senyè a, avèk konesans ke travay nou nan Senyè a pa anven.


Konsa, nou te voye Timothée, frè nou ak ouvriye Bondye parèy a nou nan levanjil a Kris la, pou ranfòse e ankouraje nou nan lafwa nou,


Se pou rezon sa a, mwen voye bannou Timothée, ki se pitit byeneme e fidèl mwen nan Senyè a. Li va fè nou sonje chemen mwen an ki baze nan Kris, menm jan ke mwen enstwi toupatou nan tout legliz yo.


Timothée, kanmarad travay mwen, salye nou, e osi Lucius ak Jason ak Sosipater ki se fanmi mwen.


Konsa nou kapab konpòte nou byen anvè moun deyò legliz yo, e pou nou pa manke anyen.


Epi nan travay ansanm avèk Li menm, nou osi ankouraje ou pou nou pa resevwa lagras Bondye a anven.


Paul, yon apot Kris Jésus pa volonte Bondye, e Timothée, frè nou, a legliz Bondye ki nan Corinthe lan, avèk tout sen ki toupatou nan vil Achaïe yo:


Donk, pa kite pèsòn meprize li. Men voye l al fè wout li anpè, pou li kapab vin jwenn mwen; paske m ap tann li avèk frè yo.


Li te rete an Asie pandan yon tan, men te voye Timothée ak Érastre, de moun ki te konn sèvi li yo, pou yo antre Macédoine.


Paul te vini osi nan Derbe ak Lystre. Yon disip yo te rele Timothée te la, Fis a yon fanm Jwif ki te yon kwayan, men papa li te yon Grèk.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite