Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Korent 10:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Paske mwen pa vle ke nou san konprann, frè m yo, ke tout zansèt nou yo te anba nyaj la, e yo tout te pase nan lanmè a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Frè m yo, mwen vle fè nou chonje sa ki te rive zansèt nou yo lè yo t'ap swiv Moyiz. Yo tout te anba pwoteksyon nyaj la, yo tout te pase nan mitan Lanmè Wouj la.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Frè m ak sè m yo mwen vle fè nou konnen sa k te pase zansèt nou yo ki te avèk Moyiz. Yo tout te mache anba nyaj la. Yo tout te travèse lanmè a.

Gade chapit la Kopi




1 Korent 10:1
29 Referans Kwoze  

Ou menm, nan gran mizerikòd Ou, pa t abandone yo nan dezè. Pilye nwaj la pa t kite yo pandan lajounen, pou gide yo nan chemen yo, ni pilye dife a pandan lannwit, pou klere pou yo chemen an, e montre yo direksyon ke yo dwe ale.


Li te louvri yon nwaj kon kouvèti, avèk dife ki pou klere nan nwit la.


Li te chanje lanmè a an tè sèch. Yo te pase travèse rivyè apye. La menm, nou te rejwi nan Li!


Li te dirije yo avèk swen pou yo pa pè, men lanmè te vale lènmi yo.


Men fis Israël yo te mache sou tè sèch pase nan mitan lanmè a, e dlo a te vin tankou yon mi pou yo ni sou men dwat yo ni sou men goch yo.


Alò, nyaj la te kouvri tant reyinyon an, e laglwa SENYÈ a te ranpli tabènak la.


Konsa, yo va pale sa a sila ki rete nan peyi sila yo. Yo te tande ke Ou menm, O SENYÈ a, rete nan mitan pèp sa a. Paske Ou menm, O SENYÈ a, yo fè wè fasafas, e nwaj Ou kanpe sou yo; epi Ou ale devan yo nan yon pilye nwaj pandan lajounen ak yon pilye dife pandan lannwit la.


Yo te vwayaje soti devan Pi-Hahiroth. Yo te pase nan mitan lanmè a pou rive nan dezè a, yo te vwayaje pandan twa jou nan dezè Étham an, e yo te vin fè kan nan Mara.


Papa zansèt nou yo te adore nan mòn sila a, men ou di ke se nan Jérusalem pou nou adore.”


Mwen pa vle nou pa okouran, frè m yo, ke souvan mwen konn fè plan pou vin wè nou (malgre sa pa t realize). Mwen ta renmen sa fèt pou m kapab rekòlte kèk fwi pami nou tou, menm jan ak tout lòt nasyon etranje yo.


Paske si Bondye pa t konsève branch orijinal yo, Li p ap konsève ou menm nonplis.


Li te resevwa sign sikonsisyon an, kòm yon so ladwati li ke li te genyen pandan li te ensikonsi a, pou li ta kapab vin papa a tout sila ki kwè, menm sa yo san sikonsisyon, pou ladwati kapab konte pou yo.


Alò, konsènan don Lespri Sen yo, frè m yo, mwen pa vle nou enkonsyan de yo.


Men si yon moun pa rekonèt sa, li menm, osi li p ap rekonèt.


Epi si nou apatyen a Kris, nou se desandan a Abraham, eritye selon pwomès la.


ki te ale devan nou nan chemen an pou chèche yon kote pou nou fè kan, kòm dife nan aswè ak nwaj nan lajounen pou montre nou nan ki chemen nou dwe ale.


Pa lafwa yo te travèse Lamè Wouj, kòmsi yo t ap pase sou tè sèk. E Ejipsyen yo, lè yo te tante fè l, te vale nèt.


Paske SENYÈ a, Bondye nou an, te seche dlo Jourdain yo devan nou jiskaske nou te fin travèse, jis jan ke Li te fè nan Lamè Wouj la, ke Li te seche devan nou jiskaske nou te fin travèse a,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite