Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Korent 1:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Paske mwen enfòme o sijè de nou menm, frè m yo, pa moun Chloé yo, ke gen konfli pami nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Mwen di nou sa, frè m' yo, paske mwen aprann nan bouch moun fanmi Kloye yo gen chirepit nan mitan nou.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Mwen di sa paske kèk moun ki soti lakay fanmi Kloye fè m konnen gen divizyon nan mitan nou.

Gade chapit la Kopi




1 Korent 1:11
19 Referans Kwoze  

Alò, lè pawòl pi gran fis la te rive a Rebecca, li te voye rele pi jèn fis li a, Jacob, e te di li: “Gade byen, frè ou a, Ésaü ap plenyen li menm de ou menm avèk entansyon pou touye ou.


Sa yo se achiv a jenerasyon Jacob yo. Joseph, lè l te gen laj dis-sèt ane, li t ap okipe bann mouton an avèk frè l yo, pandan li te toujou nan jennès li, ansanm avèk fis Bila yo, ak fis Zilpa yo, madanm a papa l yo. Epi Joseph te pote yon move rapò sou yo, bay papa li.


Ògèy pa pote anyen sof ke konfli; men sajès rete ak sila ki resevwa konsèy yo.


Lèv a yon moun ensanse mennen konfli; bouch li ap mande kou.


Koulye a, mwen egzòte nou, frè yo, pa non a Senyè nou an, Jésus Kri, pou nou tout vin antann nou, pou pa gen divizyon pami nou, men pou nou vin konplè nan menm panse ak nan menm jijman.


Alò, men kisa m ap di. Nou chak ap di: “Mwen se moun Paul”, “Mwen se moun Apollos”, “Mwen se moun Céphas”, e “Mwen se moun Kris la”.


Paske premyèman, lè nou reyini ansanm kòm yon legliz, mwen tande ke gen divizyon pami nou, e mwen kwè yon pati nan sa gen verite.


pwiske nou toujou nan lachè. Paske akoz gen jalouzi ak konfli pami nou, èske nou pa nan lachè, epi èske nou p ap mache tankou lòm natirèl?


Paske mwen pè ke petèt lè m vin kote nou, pou mwen pa twouve nou jan mwen swete l la, e pou nou pa jwenn mwen jan nou swete l la; pou petèt kapab genyen kont, jalouzi move jan, dispit, kout lang tripotay, awogans, ak tapaj.


Men si nou mòde e devore youn lòt, fè atansyon pou nou pa fin manje youn lòt nèt.


idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon


Pa kite nou vin gen ògèy, ni pwovoke youn lòt ni gen lanvi kont youn lòt.


Fè tout bagay san plenyen ni diskite.


li se yon moun ògeye e pa konprann anyen, men li gen yon obsesyon pou poze kesyon diskisyon e fè kont pou mo ki sòti nan lanvi, konfli, jouman, ak sispèk moun mal,


Men evite konfli ak jeneyaloji ki ranpli ak foli, avèk diskisyon sou Lalwa yo, paske yo san pwofi, e san valè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite